Actualité

Ayiti-Politik : Eleksyon pou chwazi prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an ap fèt, madi 30 avril 2024 la, an prezans laprès ak divès Oganizasyon yo

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 28 avril 2024 (M9H) — Eleksyon pou dezinye prezidan konsèy  prezidansyèl tranzisyon an (Kpt), ap fèt madi 30 avril 2024 la, a 10 zè nan maten, nan Villa Dakèy la, daprè yon kominike ofisyèl.

Operasyon an ap dewoule an tout transparans an prezans laprès ak reprezantan plizyè sektè ki te siyen ako politik ki te pèmèt yo mete kanpe Konsèy prezidansyèl tranzisyon (Kpt), daprè sa nou ka li nan kominike sila.

Nap raple desizyon an te adopte nan yon reyinyon, ki te fèt samdi 27 avril 2024 la, ant manm enstitisyon ki te reprezante yo, yon fason pou yo ka chita, sou pwosesis ki dwe debouche sou eleksyon andedan konsèy la, ki pral sèvi prezidan Kpt an.

Konseye-prezidan yo, jan nou ka rele li, nan fen diskisyon yo, mete yo dako, pou mete kanpe yon konsèy elektoral, ki gen ladann li 3 manm, pami yo 2 manm ki pap vote yo ak yon twazyèm, kap soti nan yon tiraj oso, jou eleksyon an, pami manm sektè ki ka vote yo, menm kipa gen kandida.

Daprè dokiman ki adopte an, se youn nan moun ki pa gen dwa vote nan konsèy la, ki pral asire prezidans biwo elektoral la, kap chwazi jou eleksyon an.

9 manm konsèy lan rekonèt yo pral fè fas ak gwo defi, dapre pawol yo te eksprime, pandan seremoni ki te fèt 25 avril 2024 la, nan Vila Dakèy la, nan okazyon enstalasyon yo.

Jodia make premye jou travay nesesè pou retabli lod, disiplin, lapè ak kondisyon favorab pou kreye richès nan peyi sa a, daprè deklarasyon Regine Abraham, ki tap eksprime li, nan seremoni an, nan non 9 manm nan konsèy prezidansyèl tranzisyon an.

Nap raple Manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an te prete sèman jedi 25 avril 2024 la, nan Palè nasyonal epi enstale pandan yon seremoni ki dewoule nan vila dakèy.

Plizyè pèsonalite pami yo manm gouvènman demisyonè a, manm konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, ansyen pamantè, manm wo kòmandman PNH la, manm wo eta majò fòs lame Dayiti, reprezantan kò diplomatik ak konsilè, manm sektè ki reprezante nan CP a ak plizyè pèsonalite nan sosyete sivil la.

Madam Regine Abraham ki te pran lapawòl nan non tout konsèy la pran angajman pou atake prese prese diferan pwoblèm kap ravaje peyi a epi mete fen ak soufrans popilasyon an.

 

 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)