ActualitéCultureDocumentsOpinionSociété

Ayiti-Kilti : Plizyè enstitisyon ak pèsonalite di yo pa dako ak chwa ansyen jeneral Prosper Avril kòm envite donè nan « Livres en Folie » ane 2023 an

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 14 avril 2023 [M9H] — Plizyè ekriven, atis ,chèchè, moun ki nan koze lakilti, lektè, lektris tout kalte, di yo pran desizyon fèm pou yo pa patisipe, nan okenn fòm, ni kòm achtè ni kòm pwodiktè, nan okenn aktivite ki konsène evènman « Livres en folie », ane sa a. Pesonalite sa yo di yo pran desizyon sa a, ansanm yon mannyè pou yo di devan tout moun, y opa dakò ak koze pou ansyen Jeneral Prosper Avril jwenn tribin pou yo al onore li.

« Pou noumenm : Pratik politik ansyen Jeneral, Prezidan an pa siye ak sa ki fè lonè pèp ayisyen

an, nonplis yo pa t reponn ak okenn respè rèv pou demokrasi pèp ayisyen ap chèche a.

Okontrè zak ansyen jeneral prezidan sa a, an plizyè fwa, revele yo tankou yon fren, yon

gwo dig devan batay Peyi a ap mennen pou demokrasi tabli » daprè pèsonalite ak enstitisyon sa yo, di yo estomake pa rapo ak desizyon sa a.

Yo ajoute, yo pran desizyon sa a, san yo pa vle  vle pote okenn prejije sou valè ekriti Jal Prezidan an, yo pa wè anyen nan sa mesye a ekri a ki ta jistifye pou yo ta envite l kòm ekriven ki merite lonè e respè. Adyewi dan !

Konsa yo ap mande kisa moun ki chwazi l yo vle onore?

« Livres en Folie » jouk jodi a, rete youn nan pi gwo evènman, pou n pa di pi gwo a, nan sa

ki konsène aktivite Li ak Ekri nan peyi nou an. E noumenm kreyatè, konsomatè liv, moun

ki enplike nan koze kilti an jeneral, nou jwe yon gwo wòl nan pèmèt evènman sa a

reyalize e enpoze l. Se domaj, pou jodi a, an 2023, responsab yo pran yon wout ki ka fè

inisyativ sa a pèdi nan itilite l ak nan valè l. E poutèt evènman an enpòtan menm : pou Ayiti, pou jenès la, an patiklye, nou panse se nou tout ki gen reskonsabilite pou fè pwomosyon valè ki chita sou Jistis ak Etik.

Se nan toutan aksepte “tout voum se do” ki lakòz jounen jodi a, peyi a pèdi nanm, moun pa gen okenn gouvènay. Pa gen Peyi san yon sèten ETIK.

N ap redi l ankò : Noumenm ki nan koze pwodiksyon bèlte, sans , ak rèv pou lavi, nou p ap

patisipe nan okenn aktivite an rapò ak « Livres en Folie » ane sa a, ni kòm achtè mi kòm

pwodiktè. E nou mande editè, medya, respekte volonte sila a. Nan tan sa a, kote sèten

moun ta vle fè kwè tout bagay nòmal, menm vyolasyon kriminèl prensip demokrasi ak

jistis, nou kwè li enpòtan pou moun ki enplike nan domèn kilti, liv, aktivite atistik, pa bliye

krim ki gen plas yo nan listwa, e se devwa yo pou yo bay egzanp diyite.

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)