Uncategorized

Ayiti-Ensekirite: Rapè gwoup mizik Rockfam nan, Atros blese anbal bal, nan Dèlma

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 23 mas 2023 [M9H] — Stevenson Telfort, tout moun konnen sou non rapè Atros, resevwa plizyè bal, nan finisman aprèmidi jedi 23 mas 2023 a, nan Dèlma 75, pa two lwen lakay li.

Atis la ap pran swen ka li nesesite, daprè dives sous nou te konsilte. Premye enfomasyon yo ta fè kwè, li ta resevwa yon bal nan nivo pwatrin li, nan moman li tap pral pote sekou bay yon pwoch li, bandi ak zam te atake. Lot moun ki te akonpanye li nan moman atak la ta sanble pedi lavi li, la pou la.

Atros se youn nan chantè nan gwoup Rockfam, li ap etidye Relasyon entenasyonal nan Inivesite Kiskeya.

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)