ActualitéPolitiqueSociété

Ayiti-Ensekirite : 531 moun mouri asasinen, plis pase 280 lòt kidnape, nan premye trimès ane 2023 a, dapre ONI

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 23 mas 2023 [M9H] — Lagè ki eklate ant diferan gang ak zam yo, kap goumen pou pran kontwol plizyè katye, nan zòn metropoliten kapital Potoprens lan, kontinye montre aklè nivo iresponsabilite otorite manfouben nan Leta a, ki rete bra kwaze devan gang ak zam yo, kap pran teren chak jou pi plis, sa ki gentan lakoz plizye santèn moun pèdi lavi yo, plizye lot blese san konte yon paket yo bandi ak zam te dappiyanp.

Photo PNH

Sèlman pou koumansman ane 2023 an, Oganizasyon Nasyon zini (Oni), di li konte anviwon 530 moun ki mouri asasinen, majorite nan yo, se moun ak zam ki te mete kò yo, alamaskay, ki fè zak sa yo, poutan gen preske 280 lot bandi ak zam te kidnape.
Nan sans sa a, ONI di li ankouraje yon fos dapwi entènasyonal, vin deplotonnen nan peyi dAyiti.
Nan divès deklarasyon li fè douvan jounalis yo, ki tap asiste konferans lan, pòt vwa Wo komisarya Oganizasyon Nasyon zini an (ONI), nan dwa moun, Marta Hurtado, fè konnen pandan 2 premye semèn mwa mas la, afwontman ant gang ak zam yo, gentan lakoz pipiti 208 moun pèdi lavi yo, 164 lot blese ak 101 lot bandi ak zam te kidnape.
Bò kote pa li, sèvis dwa moun nan Biwo entegre Nasyon zini an Ayiti (Binuh), di li konte, soti nan mwa janvye rive mwa mas 2023 an, yon total 531 moun ki mouri, 300 lot blese ak 277 lot bandi ak zam kidnape, sitou nan zòn kapital Potoprens lan.
« Nou mande kominote entènasyonal la, pou li anvizaje an ijans vin deplòtonnen yon fòs dapwi ki espesyalize, ak yon plan daksyon konplè epi ki gen presizyon » dapre Mme Hurtado.
Daprè Oganis Nasyon zini an, gang ak zam yo itilize vyolans seksyèl lan, kom yon zam pou teworize, soumèt, epi pini popilasyon an, menm jan pou ransonnen fanmi viktim yo.
« Nou gen anpil tèt chaje pa rapo ak ekstrèm vyolans lan, ki chape sou kontwòl otorite yo nan peyi dAyiti. Afwontman ant gang ak zam yo, vin pi frekan. Paske yap tante etann kontwòl teritwa yo nan kapital la, ak lot rejyon yo, pandan yo sible lot moun, kap viv nan zon gang yo kontwole yo, dapre regrè Me Hurtado.
Responsab nan dwa moun nan, fè konnen elèv yo ak ansenyan yo, pafwa konn pran bal mawon pandan afwontman yo ant gang yo, tandiske gen yon pakèt elèv ak paran yo, bandi ak zam kidnape tou pre lekòl yo.
Nan kondisyon sa a, anpil anpil lekòl te pran desizyon fèmen pòt yo, sa ki lakoz jèn yo livre bay gang ak zam yo, ki ap rekrite yo ak fòs, daprè eksplikasyon pòt vwa Wo komisarya a nan kesyon dwa moun nan.
Vyolans sa yo pouse do anpil abitan kouri kite lakay yo.
An plis, ONI di li konte nan mitan mwa mas 2023 an, pipiti 160 mil moun, ki gentan kouri kite lakay yo, anndan peyi an, epi moun sa yo trouve yo, nan yon sitiyasyon ki difisil anpil. Genyen ki refijye yo lakay zanmi ak pwoch yo.
Yon ka (1/4) nan moun ki deplase yo, ap viv nan dives kan, ak yon aksè ki limite nan dives sevis de baz yo, tankou dlo potab ak asenisman.

 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)