ActualitéEducationSociété

Ayiti-Edikasyon : Menfp entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lekòl piblik yo

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 27 me 2023 [M9H] — Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (Menfp), nan yon not li mete de yo, nan dat vandredi 26 me 2023 an, di li entèdi  pou pwofesė òganize kou ratrapaj pou lajan nan lekòl piblik yo (lekòl nasyonal oubyen lise).

Menfp denonse pratik sa a kote pwofesè ki gen pou fè kou pa prezan nan sal klas yo pandan y ap òganize kou ratrapaj pou lajan pou elèv yo. MENFP denonse tou konpòtman kèk pwofesè ki pa vini bay sèvis nan lekòl Leta yo aloske yo al fè kou nan lekòl prive yo.

« Tout travayè gen dwa pou l pwoteste lè li pa satisfè. Men li gen devwa tou, lè li touche, pou li bay sèvis, sitou pou timoun lekòl piblik yo ki deja pèdi anpil jou lekòl, akòz sitiyasyon peyi a » dapre Menfp ki di li fè apèl ak konsyans pwofesyonèl ak sans responsabilite anseyan sa yo ki touche epi ki pa al bay sèvis.

Menfp di l ap kontinye dyalòg la ak sendika anseyan yo sou revandikasyon pwofesè yo nan lekòl piblik yo. Se ansanm ak nan konpreyansyon difikilte ekonomik  yo ak lòt n ap rive jwenn solisyon ak pwoblèm yo.

Nan sans sa a, Menfp di li mande, yon lòt fwa ankò, tout pwofesè yo al bay timoun yo sèvis pou ede yo prepare egzamen fen ane yo.

Menfp pwofite raple li lanse kou konpasasyon aprantisaj (kou ratrapaj) pou elèv ki pral nan egzamen Leta yo (9yèm ane fondamantal ak segondè 4). Kou sa yo ap bay gratis nan plizyè lekòl piblik ak nan plizyè depatman. Paran yo pa gen pou peye senk kòb pou sa.

Menfp di li salye ak remesye tout pwofesè ki pa janm sispann akonpaye elèv yo nan peryòd difisil sa a. Menfp te pwofite anonse chèk anseyan mwa me yo ap komanse distribye apati lendi 29 me a.

Nap raple Menfp soti not sa a, nan yon konteks kote vandredi 26 me 2023 an, plizyė elėv lise te pran lari an, pou mande ba yo pwofesė nan sal klas yo.

kredi foto: Paj facebook Menfp

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)