EducationSociété

Ayiti-Ensekirite : MENFP kondane zak brigandaj kote yon elèv lise Kafoufèy mouri anba bal\

Please follow and like us:
Pin Share

P-au-P., 24 mai 2023 [M9H] — Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) di li aprann, avèk anpil lapèn ak endiyasyon, pandan jounen, mèkredi 24 me a, yon elèv lise Kafoufèy ki nan segondè 1, Jean Louis Samuel, tonbe anba bal pandan l tap soti lekòl.

MENFP di li kondane ak tout fòs li zak kriminèl sila a sou jèn sa a ki t ap chache wout lakonesans, bandi san fwa ni lwa etenn souf li.

Yon lòt fwa ankò, Ministè a leve vwa l byen wo pou l di lavi tout moun konte e li enpòtan pou nou pwoteje lavi, sitou timoun ki pral lekòl ki se avni peyi a.

« Pa gen avni san jèn yo e pap gen avni san edikasyon », se nou tout ki pou mete men pou pwoteje jèn nou yo. Dapre enfomasyon ki disponik, se bandi ak zam gran Ravin, ki asasinen anba bal, elev lekol sa  kite gen inifom li sou li, ak blese anpil lot moun.

Aksyon sa a pase nan moman gang ak zam yo, tap miltipliye dives atak kont abitan nan Kafou fėy yo. Mekredi 24 me 2023 an, bandi ak zam yo tap tante anvayi dives katye, tankou Caridad, Fourchard, ak wout des Dalles. Jėn gason ki nan zon nan te repouse bandi yo, sa ki lakoz yo tap tire nan tout direksyon.

MENFP di li voye senpati l bay tout moun ki viktim nan zak brigandaj sila a ki pase nan Kafoufèy, sitou fanmi elèv sila a, zanmi l ak kamarad lekòl li.

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)