ActualitéCoronavirusSantéSociété

Ensekirite : Kidnape, blese epi libere, Dr Jacques Boncy ap pran swen ka li nesesite

Please follow and like us:
Pin Share

Pòtoprens, 6 avril 2023 [M9H] — Bandi ak zam te kidnape, blese anvan yo libere Direktè Laboratwa nasyonal sante piblik lan, Dr Jacques Boncy, jedi 5 avril 2023 an.

Bandi ak zam kidnape Dr Junior Daris ak Emmanuel Joseph, depi dimanch 2 avril 2023 an, tandiske yo te nan wout pou yo al prezante tèz fen sik pou yo jwenn tit espesyalis nan medsin entèn.  Gen lòt ka kidnaping ak disparisyon ki kontinye ap ante sektè medical la, ki pa sispann victim.

Nèg ak zam te kidnape Direktè laboratwa nasyonal nan santé piblik lan, manm selil syantifik nan jesyon kovid-19 lan, Dr Jacques Boncy, nan Petyonvil, nan sikonstans ki poko klè, daprè jounal Le Nouvelliste.

Nan moman zak kidnapping lan, Dr Boncy resevwa plizyè bal. Enkyè fas ak gravite blesi lite genyen an, bandi ak zam yo rive depose li douvan yon sant santé, dapre yon pwoch kolaboratè li nan Laboratwa nasyonal sante piblik, ki te pale ak jounal Le Nouvelliste.

An menm tan, gen Dr Junior Daris ak Emmanuel Joseph, ki toujou anba men ravisè li yo.

 Nan yon nòt pou denonse zak sa a, Rektora Inivèsite Leta dAyiti, di li aprann ak anpil fristrasyon zak kidnapping ki fèt sou Dr Junior Daris ak Emmanuel Joseph lan, ki se rezidan finisan nan medsin entèn nan Lopital Inivesite leta DAyiti an.

 Rektora Inivesite Leta dAyiti an denonse epi kondane ak tout fòs yo zak kidnapping sa a, ki fèt sou 2 manm nan kominote inivèsite an. Li mande liberasyon yo prese prese epi san kondisyon.

 

Pi lwen, Rektora a raple zak kidnapping lan vini youn nan pi gwo madoulè pou pèp Ayisyen an.

 

Pichon sa a, wine, rann pi pòv, destabilize epi detwi anpil anpil fanmi nan peyi Dayiti. Rektora di li kwè moman rive pou yo mete yon bout nan epizod sa ki charye anpil doulè, pou konpratriyòt, ki santi yo bouke, yo pa kapab ankò.

 Asosyasyon medical Ayisyen an, kontinye denonse zak kidnapping, ki te fet sou Dr Genevieve Arty, depi 2 mwa, aloske pa gen okenn demand ranson ki janm fèt, sa ki kontinye ante pwofesyonèl nan lasante nan peyi dAyiti.

Sitiyasyon sa a lakòz anpil medsin ap kouri kite peyi Dayiti an, sila yo ki deside rete enpoze pwop orè travay yo, kote yo pap deplase apre 2 zè nan aprèmidi.

 

Sous: Le Nouvelliste

 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)