ActualitéJusticePolitiqueSociété

Ayiti-Ensekirite : Plizyè responsab nan Legliz epikopal dayiti enplike nan trafik zam ak minisyon epi yo kòkòday ak gang ak zam nan peyi an, daprè revelasyon ankèt Bafe lan, ki andedan Dcpj

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 4 avril 2023 [M9H] — Ankèt Biwo nan zafè finansye ak ekonomik (Bafe), ki nan Direksyon santral Lapolis jidisyè (Dcpj), sou enpotasyon ilegal zam ak minisyon, revele responsab nan Legliz episkopal dAyiti, te nan konivans ak plizyè gwoup gang, pami yo Vilaj de Dieu ak kraze Baryè, ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent.

Daprè yon atik ki soti nan jounal Lenouvelis, se arestasyon, nan dat 15 jiyè 2022 an, Gina Jean Louis Rolls, brokè an, ki te dwe resevwa konntenè yo, ki te pèmèt yo konnen li tap travay pou Legliz episkopal dayiti, depi plizyè lane, epi se pè Frantz Cole, sekretè egzekitif dyosezen an EEH, ki te kontakte li pou travay sa a.

Photo de la PNH

Apre li rive boude plizyè envitasyon Bafe, pè Frantz Cole, ki gen ti non Fanfan, lapolis te arete li nan dat 17 dawout 2022 an, apre yo te fin koute li. Pè Frantz Cole, sekretè egzekitif dyosezen nan Legliz episkoptal lan, gen yon degre enplikasyon ki tabli nan itilizasyon franchiz dwanye Legliz episkopal pou li fè antre zam ak minisyon ilegalman sou teritwa dAyiti an, dapre revelesyon ankèt la.

Dapre rapo ankèt Bafe lan, pè Frantz Cole genyen plizyè kont an bank an Ayiti ak nan peyi etranje. Loi genyen yon gwo kantite lajan sou youn nan kont sa yo. Li posede plizyè lot byen, pami yo kay, dapre jounal Lenouvelis ki tap site rapo sa a. Yon lot kote, genyen plizyè evidans ki pwouve pè Fantz Cole tap resevwa chak mwa anviwon 300 mil goud nan Palman Ayisyen an. Aprè arestasyon pè Frantz Cole lan, youn nan avoka li yo ki tap antreprann dives demach pou li, se avoka chèf gang « Kraze Baryè » tou, Vitelhomme Innocent.

Lovenie Jean, ki enplike nan dosye an, abite nan fyèf Vitelhomme Innocent an, daprè revelasyon ankèt Bafe lan.

Arestasyon Jean Gilles Jean Mary, kontab nan Legliz episkopal dAyiti an, 22 dawout 2022 an, te pemet li jwenn plizyè dokiman, soti 2017 rive 2021 an, ki te otorize dekèsman lajan sou kont Legliz lan ale jwenn yon trafikan zam entenasyonal, ki rele Sikhumbuzo Vundla, yon Zimbabweyen, chè operasyon nan Legliz episkopal la.

Ankèt Bafe lan revele genyen plizyè tranzaksyon labank ki te fèt sou kont trafikan zam entènasyonal sa a. Chak nan tranzaksyon yo, te genyen yon depo pipiti 30 mil dola ameriken. Legliz episkopal dAyiti pat janm jistifye objektif depo lajan sa yo sou kont Vundla, dapre Le Nouvelis.

Pandan odisyon li, plizyè responsab nan Legliz episkopal dAyiti an, te fè konnen Sikhumbuzo Vundla, te gentan jwenn revokasyon li nan lanne 2018, epi enstitisyon an  pa gen okenn relasyon ak li. Poutan, pandan yon pèkisyon ki tap fèt nan youn nan espas Vundla te kache yo, anketè yo te dekouvri plizyè dokiman franchiz ladwann, papye ak antèt Legliz episkopal dAyiti an, machin li te konn itilize ki te anrejistre sou non legliz lan. Anketè Bafe te konn Kléberson ak Dianika Jules. De kouzen yo te responsab tranzaksyon labank pou Zimbabweyen an, Sikhumbuzo Vundla.

Samdi 21 janvye 2023, nan kad yon operasyon Lapolis nasyonal dAyiti (Pnh), swit ak yon avi rechech, Rubens Vilmont, te jwenn arestasyon li, deske li ta enplike nan dosye an. Endividi sa se youn nan moun ki ta dwe resevwa konntenè zam nan Fernand Jean Pierre te voye ba li an.

Rapò ankèt lan konfime gen plizyè lanne responsab Legliz episkopal yo itilize franchiz enstitisyon an pou trafike zam ak minisyon nan peyi DAyiti.

Pou fasilite antre zam yo, konplis yo ta itilize dives pò komesyal nan peyi an, tankou Lagonav, Potoprens, an fonksyon kagezon an. Souvan, konntenè yo estoke nan yon lekol nan kapital yon jounen anvan yo voye kagezon yo ale nan aswè, sitou nan zon kafou Marasa, nan Komin Taba.

Rapo Bafe lan revele gen tout manm nan rezo trafik zam Legliz episkopal la, ki gen koneksyon ak gang kap opere nan kapital la, pami yo Vilaj de Dieu, nan Tòsel ak lot kote.

Se 3e rapo ankèt Bafe sou dosye kagezon zam nan Legliz episkopal dAyiti an. Yon dizèn moun gentan jwenn arestasyon yo, gen plizyè manda rale mennen vini entenasyonal ki gentan lanse. Fòs lòd yo, di yo kontinye ap chache plizyè moun ki sispèk, tankou pè Fritz Désiré, pè Jean Mardoché Vil, Sikhumbuzo Vundla. Lapolis jidisyè nan gran Sid lan,  nan Grandans, Nip, Sid ak Sides di lap chape miche kon chen fou.

Pou moman an, anketè Bafe yo bay lis non moun ki enplike nan dosye an, tankou Gina Jean Louis Rolls, Sikhumbuzo Vundla, Alland Dolcé, Alerte Isaac, Frantz Cole, Samson François, Lovenie Louis Jean, Francklin Batista, Fernand Jean Pierre, Remy Lindor, Rubens Vilmont, Jean Mardoché Vil, Jean Marie Jean Gilles, Mamion Saint Germain, Fritz Désiré, Dianika, Kleberson Jules ak lot moun ki enplike nan dosye an.

13 jiyè 2022, plizyè ajan Biwo lit kont trafik estipefyan (Blts), yon antite nan Direksyon santral Lapolis jidisyè (Dcpj), ak plizyè ajan ladwann, te fouye plizyè konntenè nan Caribbean Port Services (Cps), nan Lasalin, epi dekouvri yon kagezon zam ak minisyon ki te antre sou kouvèti franchiz Legliz episkopal dAyiti (EEH).

Fouy lan te pèmèt yo dekouvri 18 fizi (Ak-47, M4), 1 fizi kalib 12,4 pistolè kalib 9 milimèt, plis pase 20 mil katouch ki gen diferan kalib, 120 chajè, 1 vizè ak 2 fo biyè bank ki totalize 50 mil dola ameriken.

Biwo nan zafè finansye ek ekonomik (Bafe), yon antite nan Dcpj, ki te louvri anket la pou trafik ilegal zam, minisyon, fo monnen, kontreband, evazyon, frod fiskal, anrichisman anba tab, banchiman lajan, abi konfyans, asosyiasyon malfèktè, yon pil ak yon pakèt enfraksyon grav.

Sous :Le Nouvelliste

 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)