ActualitéDocumentsJusticePolitique

Ayiti-Politik : 36 an konstitisyon 1987, moun soti blese nan Crldi, lapolis arête moun kinan poligami

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 29 mas 2023 [M9H] — 36 an konstitisyon 1987, moun soti blese nan Crldi, lapolis arête moun kinan poligami

 Siyati yon pwotokòl ako ant Ayiti ak Kanada pou ranfòse Akademi Polis nasyonal dAyiti an

Anbasad Kanada an Ayiti, anonse mèkredi 29 mas 2023 an, li siyen ak gouvènman defakto Ariel Henry an, yon pwotokòl antant, ki vize ranfose Lapolis nasyonal dAyiti an (Pnh). Se Cowater International ki te mete pwojè sa a kanpe, ki vize kontribye nan fomasyon kad nan Polis nasyonal dAyiti an, daprè presizyon Anbasad Kanada a.

Plizyè moun blese anba bal nan Crldi, ki Taba a

Plizyè moun soti blese, mèkredi 29 mas 2023 an, douvan Sant kote yo resevwa epi yo livre dokiman idantite tout moun konnen sou non Crldi, ki chita nan Taba, komin Kwadèdoubè an. Ensidan sa a rive apre yon bouch louvri ki te genyen ant plizyè ajan Lapolis nasyonal la, ki te konvèti tèt yo an raketè, kit e vize ransonnen moun kite vin fè paspò yo. Pami viktim yo, gen yon jèn fanm ki resevwa yon bal nan tèt li.

Dinepa inogire yon Sant Orepa-Lwès nan Dèlma

Direkè direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman an (Dinepa), Guito Edouard, inogire, mèkredi 29 mas 2023 an, yon nouvo Sant Orepa-Lwès, ki chita nan Dèlma 75. Evenman sa a, te fèt an prezans plizyè anplwaye nan Dinepa.

 

(29 mas 1987-29 mas 2023) 36e anivèsè konstitisyon 1987 la, plizyè oganizasyon te tanmen yon sit-in douvan Plas konstitisyon an, sou Chann Mas

 

Plizyè manm divès Oganizasyon sosyopolitik te reyinii nan yon sit-in, mèkredi 29 mas 2023 an, sou plas konstitisyon an, sou Chann  Mas lan. Mouvman sa te fèt nan okazyon 36e anivèsè Konstitisyon 1987 la, ki vize denonse kriz sosyopolitik lan epi deteryorasyon sitiyasyon sekirite an nan peyi an.

 

 

Lapolis Sen Mak arete yon jèn gason dèske li ta marye plizyè fwa

 

Clervilus Hary Day, se non yon jèn gason Lapolis nan Sen Mak, arête madi 28 mas 2023 an, nan seremoni maryaj li nan yon legliz nan Sen Mak. Se Polèn Dolsine, ansyen madanm li gen 2 timoun ak li an, kite denonse li. Lapolis nan Sen Mak menm rive arête paste ki tap selebre maryaj la.

 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)