Ayiti-Dwa moun : Nasyon zini ta vle nonmen yon ekspè endepandan nan dwa moun nan peyi dAyiti
Potoprens, 29 mas 2023 [M9H] — Konsèy dwa moun ki andedan Oganizasyon Nasyon zini an (Onu), anonse semen kap vini an, li pral vote yon rezolisyon ki prevwa nonmen yon ekspè endepandan, ki anchaje egzaminen sitiyasyon dwa moun nan an Ayiti.
Dokiman sa a, ki fèt sou asistans teknik, kapab modifye, dapre moun ki anchaje kesyon medya nan Sekretarya nan konsèy dwa moun nan ki nan Onu an, Pascal Sim.
Daprè presizyon li bay, dokiman sa a, mande pou gen yon entèvansyon militè entenasyonal epi ranfose kapasite yo, yon fason pou yo ka amelyore sitiyasyon dwa moun nan peyi dAyiti. Li enpotan pou nou elimine gang ak zam yo an Ayiti, epi move konsekans li pral sou reyalizasyon epi jwisans dwa pèp Ayisyen an, dapre pwojè rezolisyon sa a.
Pami yon karantèn pwojè rezolisyon, ki pral pase nan vot douvan Konsèy dwa moun nan Nasyon zini an, lendi 3 ak madi 4 avril 2023 an kap vini an, teks ki konsènen peyi dAyiti mande Wo komisè nan Nasyon zini an nan dwa moun pou li nonmen, pou yon peryòd yon lane renouvlab, yon ekspè endepandan oubyen yon ekspèt endepandant ki genyen yon manda pou li siveye sitiyasyon dwa moun nan Ayiti.
Li ta dwe gen wòl pou li konseye gouvenman an Ayiti, sou divès jefò y ap fè pou respekte dwa moun, epi founi divès konsèy epi asistans teknik.
Wo komisè Nasyon zini nan dwa moun yo, konsèy la te mande otrichyen Volker Turk, pou li te prezante li, nan kad yon dyalog ak patisipasyon ekspè endepandan oubyen ekspè endepandant, yon rapo entèmedyè sou sitiyasyon dwa moun nan Ayiti, ki nan 54e sesyon li epi yon konplè sou kesyon an nan 55e sesyon li.
Sizanka rezolisyon an ta adopte, Eta ki manm yo nan Onu, pral envite pou yo reponn ak demand entèvansyon militè entenasyonal, gouvènman defakto Ariel Henry an, te mande pou vin ede li nan konfli ki opoze li ak gang ak zam yo.
Wo komsarya Nasyon zini nan dwa moun ta dwe founi yon asistans teknik epi yon apwi pou ranfose kapasite lajistis ak fos sekirite Ayisyen an, pou pemet li rapouswiv estrateji, ki vize elimine gang ak zam yo, daprè rezolisyon sa a.
Nap raple depi koumansman ane 2023 an, genyen pipiti 531 moun ki mouri asasinen, 300 lot blese anba bal, epi 277 lot sibi zak kidnapping ki fet nan peyi an, prensipalman nan Potoprens, nan yon konteks kote zak vyolans gang ak zam yo pa sispann ogmante nan peyi an, sa ki lakoz anpil fanmi gen dlo nan je.
Sitiyasyon latwoublay sa fòse plis pase 160 mil moun kouri kite lakay yo, san yo pa menm konn ki kote yo prale. Anpil nan yo bliye kouri al pran refij sou plas piblik, sa ki rann sitiyasyon yo ap vini pi konplike chak jou pi plis.
kredi foto: Photo/ONU Manuel Elias