ActualitéPolitiqueSociété

Ayiti-Ensekirite : Te gen gwo tansyon nan plizyè katye nan zòn metropoliten Potoporens lan

Please follow and like us:
Pin Share

 Potoprens, 23 mas 2023 [M9H] —  Lapolis nasyonal dAyiti, di li touye yon sivil ak zam nan blòk Lali, li rive rekipere yon machin, plizyè zam ak minisyon, nan aprèmidi jedi 23 mas 2023 a.

Daprè enfomasyon ki disponib, se te 2 jèn gason, ki te nan yon machin Land Cruisser, ki gen koulè blanch ki tal tante kidnape yon moun nan zon nan.

Se pandan afwontman ki te genyen ant fos lod yo, ak sivil ak zam yo, youn ladann yo tonbe, lot jèn gason ki te ansanm ak li an gentan chape pou li.

Lapolis di li sezi yon macin, zam ak minisyon ki te nan men bandi ak zam sa yo. Sitiyasyon sa a te lakoz gwo kous kouri nan pos machan ak tout zon ki viwonnen li yo.

Tansyon anba lavil potoprens

Abitan nan plizyè katye nan Sant Vil kapital Potoprens lan, te tande anpil katouch zam otomatik, nan finisman aprèmidi jedi 23 mas 2023 an. Sitiyasyon sa te pwovoke gwo tansyon nan espas ki gen pi gwo plas piblik nan peyi an, sitou nan katye Lali, Tijo, Bwa Vèna ak lot viwonnen li yo.

Ti machann kap vann an detay, chofè machin, ak chofè taksi moto, kite parèt panike te koumanse kouri nan tout direksyon.

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)