Ayiti-Kilti : Aka mande tout sektè pote kole nan fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen
P-au-P., 28 oktòb 2021 [M9H] — « Tout sektè, lekòl, legliz, inivèsite, sant rechèch, konsila ak anbasad Ayiti, ki tabli nan divès kwen sou latè, ta dwe pote kole nan fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an epi kore devlòpman li » daprè Akademi kreyòl ayisyen an (Aka), nan okazyon 28 oktòb, ki se jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl.
Lang kreyòl tout kote, san fòs kote, se tèm aktivite yo, pou mwa oktòb 2021 an. Lè Akademi Kreyòl Ayisyen pote tèm «Lang kreyòl tout kote, san fòskote!» se pa yon souwè, se plis pase sa.
Se pito yon rapèl, yon fwote memwa, yon mesaj ki dwe atire atansyon tout moun – tout sektè kit se lekòl, legliz, inivèsite, sant rechèch, konsila ak anbasad Ayiti ki tabli nan divès kwen sou latè pou yo enplike yo nan fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an epi kore devlòpman li, daprè Aka, nan yon nòt yo mete deyò.
Akademisyen yo swete pou nan divès Anbasad Ayiti nan lòt peyi, fòk Anbasadè peyi Ayiti yo ankouraje etranje pale lang lan menm jan Ayisyen nan dyaspora ap fè gwo jefò pou aprann pitit yo pale ak ekri kreyòl, se mete sant aprantisaj pou ede Ayisyen tankou etranje konnen lang kreyòl ayisyen an pi plis.
Nan sans sa a, AKA dwe ankouraje travay Sant N a rive, Sant Toussaint nan Monreyal; Eritaj kilti kreyòl, Espas kreyòl Etazini ak tout lòt sa nou pa site ki nan Amerik latin nan k ap travay kinalaganach pou kenbe banyè lang kreyòl la byen wo.
Lang kreyòl la se zouti rezistans pèp ayisyen an, se mwayen, se zam pèp la itilize pou defann li, esprime espwa li, enkyetid li, desepsyon li, kè kontan li ak tout bon moman li.
« Nou dwe toujou goumen pou lang sila a layite kò li toupatou san baboukèt, san fòskote » daprè Aka.
Akademi Kreyòl Ayisyen salye Ayisyen toupatou, li di yo bòn fèt lang ak kilti kreyòl pandan li envite yo pote kole ansanm pou lang kreyòl la rive tout kote san fòskote. Se yon kondisyon esansyèl ki pou pèmèt yon demen miyò pou Ayisyen nan inite, nan konpreyansyon yonn ak lòt, nan aprann tout bon vre san jako repèt nan systèm edikasyon an, nan pwogrè syantifik ayisyen kòm pèp.
Lang kreyol la se potomitan devlopman peyi a
Ministè kilti ak kominikasyon fè konnen potomitan devlopman peyi nou se lang nou : Se lang nou ki pou louvri pòt kominikasyon sosyal enklizif pou tout Ayisyen, se lang nou ki pou louvri pòt lakonesans pratik pou moun konprann, pou moun aplike.
Ministè a pouswiv pou li di se lang nou ki pou devlope kilti nou epi fè pwomosyon l toupatou tankou nan resèt kwizin, remèd tradisyonel, dans, chante, istwa, pwovèb ki nan patrimwan nou e ki se idantite nou kòm pèp.
Lang lan rete yon gwo blokaj ki fè Refòm Edikasyon n ap trennen depi 40 lane
Nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyol la, rèktè Inivèsite Leta a, Fritz Deshommes soulve yon seri pwen, ki merite debat nan sosyete a.
Rektè a fè konnen Ayiti, se youn nan ra peyi sou latè, kote nou ka jije, kondane yon moun, san l pa janm konprann sa k ap pase a. San l pa janm konprann pou ki ? San l pa menm konprann sa y ap di sou li, an byen ou an mal ?
Li fè konnen tou kesyon lang lan rete yon gwo blokaj ki fè Refòm Edikasyon n ap trennen depi 40 lane a , Refòm Bernard la, toujou pa ka ateri. Ki fè nou pa konn konbe jenerasyon timoun ki sakrifye, defòme, malfòme.
Eske n konnen sosyete a toujou diskrimine moun sou baz lang li pale ? Lè se sèl lang manman w ou ka pale, lang natirèl ou, anpil pòt tou femen pou ou, anpil opòtinite pa pou ou. Lang manman w wi ! Lang natirèl ou wi !
Wi, nou konn tou sa. Nou tande yo touttan. N ap viv ak yo chak jou. Yo vin tankou nòmal, banal. Anyen pa deranje !!!!
Enben non!!! Yo pa nomal. Yo pa banal. Yo deranje nou. Yo gen konsekans grav sou nou tout. Sou tout peyi a. Sou tout sosyete a. Nou pa ka kontinye viv ak yo. Nou pa ka kontinye tolere yo.
Jounen jodia, anpil nan nou ap mande : sa k ap pase peyi a konsa ? Tout katastwòf sa yo, tout kalamite sa yo n ap viv san pran souf. Katastwòf ak kalamite sosyal, politik, ekonomik. Nou pa rekonèt peyi a. Bèl ti peyi nou te reve a. Bèl ti peyi nou kwè nou travay pou li a. Pouki se nou ? Eske se yon malediksyon, yon kolye maldyòk pa konprann, ki tonbe sou nou, ki fè nou pa wè devan nou pa wè dèyè ? Sa k ap pase nou konsa ?
Lè w ap viv nan yon sosyete yonn pa ka pale ak lòt, yonn pa konprann lòt, yonn ap pran otè sou lòt sou baz lang li pale osnon lang li pa pale, èske se pa yon rezon ki ka eksplike anpil kalamite peyi a ap viv ?
Eske se pa yonn nan pi gwo fondman pèsistans yon sosyete miwomiba, k ap kale san pran souf insekirite, enstabilite, destriktirasyon ekonomik, sosyal ak politik ?
Yè maten, nan Rektora a, nou te siyen yon Pwotokòl Akò ak Sekretè d Eta Alfabetizasyon an. Nou te pale de yon seri devwa nou genyen ak pwop tèt nou, kòm sitwayen, kòm sosyete, kòm pèp. Nou te pale de Ajenda Fondalnatal nasyon an.
kredi foto : Akademi kreyol Ayisyen an