Ayiti-Webdo : Liberasyon jounalis Lucien Jura, sitiyasyon politik lan toujou nan enpas, lanmo chèf gang ti Grèg
Potoprens, 23 mas 2024 (M9H) —Plis pase 3 semèn apre peyi dAyiti toujou plonje nan yon katyouboumpe politik, kote gang ak zam yo kontinye ap kraze, piye, kidnape epi volè tout gwo biznis ki genyen nan peyi an. Sa ki pral lage peyi an nan yon gwo kriz grangou san rete, akoz pwodui premye nesesite yo, ki pap disponib sou mache nasyonal la.
1.- Ansyen jounalis, epi ansyen pot pawol prezidan Michel Martelly, Lucien Jura, jwenn liberasyon li jedi 21 mas 2024 la, apre bandi ak zam te kidnape li, lendi 18 mas la, lakay li nan Vivy Mitchell.
2.- Lapolis nasyonal dAyiti anonse jedi 21 mas 2024 lan, chèf gang Ernst Julmé, tout moun konnen sou non ti greg, ki tap dirije dèlma 95, tonbe anba bal, nan echanj koutbal ak lapolis, nan Petyonvil. Li te sove nan penitansye nasyonal nan sware samdi 2 mas 2024 la. Foto kadav li tap sikile sou rezo sosyal yo.
3- Fendy Vilesse, youn nan moun lapolis idantifye kom manm gang ak zam 400 mawozo yo, mouri anba men popilasyon an, mekredi 20 mas 2024 la, nan Lascahobas, nan Plato santral. Popilasyon an te pran li ak fos nan machin lapolis.
5.- Te gen gwo tansyon nan santvil Potoprens, jedi 21 mas 2024 la, sitou sou Chann Mas la ak nan zon Palè nasyonal la. Pa gen pyès moun ki te konnen rezon tout gwo katouch sa yo, tap tire nan zon sa yo. Sa ki te pwovoke gwo van panik nan zon antouraj chann mas la.
6.- Yon moun lapolis idanfiye ki ta chèf gang, Makandal, ki te fenk enstale nan Bristou, nan komin Petyonvil, mouri nan aprèmidi mekredi 20 mas 2024 lan. Li gen plizyè akolit li, ki tonbe ansanm ak li nan echanj katouch ak lapolis.
7.- Nan vil Jakmèl, Lapolis nasyonal dAyiti di li arete yon kenzèn jèn gason, nan sware madi 19 pou mekredi 20 mas 2024 la, pandan yon operasyon li tal mennen nan Bodwen, nan komin Jakmèl. Endividi sa yo gen akizasyon sou do yo, komkwa yo ta fè pati yon rezo kriminèl ki enplike nan zak brakaj.
8.- Polisye Anel Noel, ki te soti nan 17 pwomosyon nan Lapolis nasyonal dAyiti an (Pnh), tonbe anba bal nèg ak zam nan Delma 72, mèkredi 20 mas 2024 la, daprè sendika nasyonal polisye Ayisyen yo (Synapoha) sou kont X li. Viktim nan te afekte nan Sekirite Primati an (Uspm).
Migrasyon
9.- Anbasad ameriken nan peyi dAyiti, nan yon kominike li mete deyo, mékredi 20 mas 2024 la, anonse lap kowodone divès vol pou sitwayen ameriken ki an Ayiti yo, nan dives mwayen ki pa komèsyal.
Li pran dispozisyon sa a, akoz sitiyasyon ensekirite an ki ap vale teren nan peyi dAyiti, sa ki ran gen plizyè pwodui premye nesesite ki koumanse pa disponib sou mache local la.
10.- Lapolis nan zile Tik and kayikos di li arete 95 natif natal Ayisyen, mekredi 20 mas 2024 la, daprè jounal dominiken an Listin Diario. Lapolis zile sa a, di li arete natif natal Ayisyen sa yo, sou lanmè, yo te sou yon ti bato ki tap pran chimen zile sa a.
Politik
11.- Oganizasyon nasyon zini di li salye dezinyasyon reprezantan pati yo nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Sekretè jeneral Oganizasyon Nasyon zini an (Onu) Antonio Guterres, di li aplodi dezinyasyon tout reprezantan pati yo, nan konsey tranzisyon an. Li mande tout aktè ki konsène yo kontinye sou menm lanse an, danpre Biwo entegre nasyon zini nan peyi dAyiti, Binuh.
12.- Majistra New York la, Eric Adams ak Reverand Al Sharpton, ki te akonpanye ak plizyè relijye ameriken, ki gen orijin yo plen plante nan peyi dAyiti, nan yon konferans pou laprès yo bay, nan vil New York, mekredi 20 mas 2024 la, mande gouvènman ameriken an pou li aji pou estabilize Ayiti, men tou pou li ankete sou trafik zam ameriken yo, ki ap alimante gang ak zam yo, ak zak vyolans yo nan peyi an. Li mande pou gen divès aksyon prese prese pou fè fas kare ak kriz sa a.
Sante
13.- Depi koumansman ane 2024 la, gen pipiti 18 enstitisyon sanitè kipa fonksyone nan zon metropoliten Potoprens lan, daprè yon atik ki soti nan jounal Le Nouvelis. Depi sitiyasyon latwoublay nan peyi an, gen plizyè lopital an Ayiti ki ap blije fèmen pot yo pou yon titan oubyen yo louvri sou kondisyon. Soti 29 fevriye rive 21 mas la, genyen pipiti 18 enstitisyon sanitè ki twouve yo, nan kategori sak pap fonksyone yo, nan dekont Ministè sante piblik ak popilasyon an (Mspp).
14.- Direksyon egzektif Lopital Jeneral la, ki te fèmen pot lopital la, depi 29 fevriye 2024 la, malgre yon sitiyasyon kote toujou gen gwo presyon nan zon nan, mande pou anplwaye yo genyen yon sans patriyotik, epi li fikse pou aktivite yo reprann nan lopital jeneral lendi 1e avril 2024 la.
Espo
15.- Pou premye rankont li nan ane 2024 la, seleksyon nasyonal Ayisyen foutbol la, pral jwe premye rankont la nan koumansman eliminatwa Koup dimond 2026 la, Federasyon entenasyonal foutbal la, nan mwa jen kap vini lan, kont ekip nasyonal Guyane Fransez la. Pou li ka rive jwe match sa a, seleksyonè a Sebastien Migné, konvoke 19 konpatriyot kap jwe nan peyi etranje. Pou kounya, yo koumanse antrene nan Kayèn.