ActualitéSport

Foutbòl : Ayiti pèdi 2 plas nan klasman nan konkakaf la, li pa pran okenn plas nan nivo mondyal

Please follow and like us:
Pin Share

Pòtoprens, 6 avril 2023 [M9H] — Malgre 2 dènye viktwa seleksyon nasyonal foutbòl lakay gason yo, fas ak Montsera kote li te genyen kat gol a zero (4-0), epi fas ak Bermudes, twa gòl ak youn (3-1), nan lig B nasyon yo, viktwa sa yo pa pèmèt Grenadye yo, progrese nan klasman mondyal Fifa, Grenadye yo rete tenmfas nan 87e plas lan ak 1275 pwen, nan mitan Zambie, ki 86e ak 1280 pwen, ak Kiraso ki swiv li ak 88e ak 1272 pwen.

Ayiti pèdi 2 plas nan klasman konkakaf la. Poutan, pa gen okenn chanjman nan top 6 lan, ki gen ladann li Etazini, ki premye nan zon nan, aloske li 13e nan monn lan, Meksik ki dezyèm nan zon nan, li 15e mondyal, Kosta Rika 3e nan zon nan, men ki 39e nan monn lan, Kanada ki 4e, men 47e mondyal, Panama ki 5e nan zon nan, men 58e nan monn lan, ak Jamayik ki 6e nan zòn nan, men 63e mondyal.

Poutan Salvadò, ki 7e nan zon nan, 75e mondyal, ak Honduras ki 8e nan zon, men 80e mondyal.

Se Salvadò ak Ondiras, ki se gran benefisyè nan klasman sa a, paske li pran devan Ayiti ki te 87e epi Kiraso ki 10e nan zon, men 88e mondyal. Sa ki fè Ayiti pèdi 7e plas nan zon konkakaf lan, pou li vini kounya nan 9e plas.

Pwochen klasman mondyal Fifa a, ap pibliye nan dat 20 jiyè kap vini an, pandan tan sa a, Ayiti ap gen pou li jwe Gold Cu plan, kap koumanse nan dat 24 jen pou li fini nan dat 16 jiyè 2023.

 

 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)