ActualitéSociétéSport

Ayiti-Foutbòl: Resin Klèb Ayisyen an, gen 100 lane egzistans

Please follow and like us:
Pin Share

Potoprens, 24 mas 2023 [M9H] — (23 mas 1923-23 mas 2023) fè egzakteman 100 lane depi Resin Klèb Ayisyen an (RCH), tout moun konnen sou non Vye Lyon an, egziste. Se youn nan klèb ki gen plis tit nan chanpyona nasyonal premye divizyon an, D1.

Photo Feri Sports

Pou make santenè klèb sa a, anpil fanatik, Federasyon Ayisyen foutbòl la, te rann li yon gwo omaj. Li se premye klèb nan peyi dAyiti, ki te genyen koup konfederasyon foutbòl Amerik di No, Amerik santral ak karayib, tout moun konnen sou non Konkakaf klèn chanpyon, nan lane 1963, sou woulèt Antoine Tassy. Li te sakre chanpyon a 11 repriz.

Resin klèb Ayisyen (RCH), se dezyèm klèb ki rive genyen 100 lane egzistans, apre Vyolèt Atletik klèb. Li genyen yon koulè mitik jòn ak kle, ki se koulè anblematik li. Daprè kèk obsèvatè, Resin Klèb Ayisyen pote anpil chanjman nan foutbòl Ayisyen an.

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)