ActualitéOpinionPolitiqueSociétéUncategorized

Jovenel Moïse ak konstitisyon 1987 lan: yon analiz kominikasyonèl kritik diskou politik

Please follow and like us:
Pin Share

P-au-P., 6 fev. 2021 [M9H] — Jovenel Moïse ap sibi yon gwo presyon pou li rive fè eleksyon e mete sou pye yon lòt konstitisyon anndan peyi Ayiti. Se ipotèz sa a nou fè le nou pran analize sou baz lasyans diskou prezidan ayisyen an fè jou vandredi 30 oktòb la, kote li tabli yon komite konsiltatif endepandan pou mete sou pye pwojè yon lòt konstitisyon anndan peyi a.

Diskou 30 oktòb la, ki se anmenmtan tou yon aksyon politik rive fèt nan yon kontèks kote kominote entènasyonal la mete anpil aksan sou refòm konstitisyon an. Enpitou, Palman an pap fonksyone paske yo pa t fè eleksyon epi yo mete yon Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) sou pye anba redi. Kontèks sa gen ladan l tou anpil krim, kidnaping ak ensekirite ki ap vale teren nan kapital peyi a Pòtoprens. Nou ka site asasina trajik Mèt Monferrier Dorval lakay li, etidyan Gregory Saint Hilaire polisye te touye anndan Lekòl Nòmal Siperyè ak Evelyne Sincère, elèv Lise Jacques Roumain, yo te kidnape e sasinen. Diskou sa a enskri tou nan kad yon zak politik kote Jovenel Moïse oblije defann tèt li e jistifye pozisyon li devan nasyon an sou zafè eleksyon, referandòm ak konstitisyon tou nèf lan jan l ap klewonnen sa. Se sak fè etidyan ak chèchè nan kominikasyon politik gen bonjan rezon pou analize diskou sa selon teyori ak metodoloji yo gen anba men yo.

Nou konsidere diskou sa a tankou yon reyalite politik, yon fè sosyal, yon fenomèn kominikasyon ki mande pou nou entèprete e chache konprann sans enonse yo ki fè parèt sitiyasyon sosyete ayisyen an jounen jodi a. Kounyeya sou baz pozisyon a priori nou an yon lektè ka mande tèt li ki enonse ki fè konprann gen gwo menas sou tèt prezidan repiblik lan ? Kijan sa parèt klè lè nou analize sans kache ak pawòl ki pa pwononse tankou sa ki parèt anba tab nan diskou envestiti komite a ? Ki anje ak enpòtans teyori kominikasyonèl kritik genyen nan konpreyansyon e rekonstriksyon diskou Jovenel Moïse la nan kontèks soyopolitik peyi Ayiti jodi a ? Se bann kesyon sa yo nou pral tante reponn sou baz teyori kritik kominikasyon an.

Pou n rive fè sa nou ap itilize metòd èmenetik kritik ak pragmatik inivèsèl pou analize validite diskou a. Konsa n ap kòmanse prezante kòpis diskou a, apre sa n ap mete kanpe sijè kominikasyon an e pou n fini n ap fè yon rezime analiz oswa rekonstriksyon diskou 58yèm prezidan repiblik lan.

Kòpis travay nou pral analize a

Kòpis rechèch nou an gen ladan l tout entèvansyon Jovenel Moïse fè nan diskou a. Nou rive jwenn diskou sa gras ak yon dokiman katòz (14) paj Laprezidans te pibliye vandredi 30 oktòb 2020. Dokiman sa ki pa yon anana pou sizàn rive sikile nan plizyè rezososyo tankou Facebook ak WhatsApp. Tèks lan mache ak plizyè foto prezidan an te fè ak 5 manb komite li nome a. Li Genyen nèf (9) foto kote senk (5) ladan yo Jovenel fè ak chak grenn manb komite a. Diskou sa te fèt nan kad seremoni envestiti Laprezidans te òganize pou moute komite konsiltatif lan.

Tèks diskou nou ap analize a genyen 1786 mo. Li pa gen ni tit ni soutit. Li genyen 24 paragraf youn pi long pase lòt.  Se yon diskou ki pwononse e ki ekri nan lang kreyòl Ayisyen an. Kounyeya li lè li tan pou n prezante sijè kominikasyonèl la. Kiyès Jovenel Moïse ye ? Ki kote li soti ?

Sijè kominikasyon an nan analiz kontra a

Nan zafè analiz kontra kominikasyon an li enpòtan pou nou prezante aktè oswa sijè kominikasyon an ki se Jovenel Moïse li menm. Jovenel Moïse se yon antreprenè ayisyen ki pat ko janm parèt nan politik jiskaske Michel Martelly (prezidan nan lane 2011) vini avèl nan prentan 2015 pou reprezante pati politik Tèt kale a (PHTK) yon fason pou pran pouvwa a. Li se yon pwodiktè bannann ki fèt nan lane 1968 nan Twoudinò (Nòdès Ayiti). Nan lane 2012 li te kreye antrepriz agrikòl ki rele Agritrans ki te konn ekspòte bannann nan peyi Lalmay. Se sa k fè yo te vin rele l « Nèg bannann nan ». Anplis de sa non li site anpil nan koze koripsyon nan divès rapò ankèt tankou sa Lakoudèkont pibliye sou zafè lajan Petwo Karibe a ki pase mal nan men divès gouvènman e dirijan Ayisyen.

Sou plan kominikasyonèl, li pale tankou yon etènèl kandida. Se yon moun ki toujou ap fè pwomès, aloske li ta sipoze pale tankou yon aktè ki ap jistifye pouvwa li piske li ap dirije deja. Youn nan pi gwo pwomès li se « kouran 24 sou 24 ». Sou plan politik, li fè fas kare ak anpil opozisyon (peyi lòk) pou rache li sou pouvwa a. Men grasa sipò pouvwa ameriken an li kenbe tennfas san fè bèk atè. Nou fin prezante sijè kominikasyon an ak kòpis travay nou an. Kounyeya, se moman pou nou di kijan nou pral fè pou n poze analiz pou rekonstwi diskou 30 oktòb lan.

Kijan nou pral fè analiz rekonstriksyon diskou a ?

Pou nou chache konprann diskou Jovenel Moïse la nou ap itilize metòd èmenetik kritik lan ak pragmatik inivèsèl la. Tou dabò,  ki sa èmenetik kritik la ye ? Èmenetik la se metòd analiz ki pèmèt ou rive entèprete e konprann tout aktivite moun ap fè oswa moun ladann. Lè nou rale Jürgen Habermas (Yigenn Abèmas), nou rive konprann ou pa ka ap etidye yon fenomèn kominikasyon san w pa sèvi ak èmenetik kritik. Men sa Habermas te fè konnen : « Li pa posib pou syans sosyal yo rive abandone dimansyon èmenetik lan nan zafè fè rechech. Si se pa sa, yo t ap foure pa anba pwoblèm konpreyansyon an ki t ap tou tounen defòmasyon[1]. » Konsa èmenetik la ap sèvi nou pou n « dekòde entèpretasyon yo grasa konpreyansyon fenomèn yo nan melanje ansanm analiz lenguistik ak eksperyans[2] ». [Se nou ki tradui li nan lang kreyòl ayisyen].

Kounya, ki sa pragmatik inivèsèl la ye ? Li se yon « pwogram rechèch ki vize pou rekonstwi fondman validite diskou sijè yo (moun ki ap kominike) ki rive konprann youn lòt, ki rive antann yo e ki rive tabli yon kominote antre yo menm (relasyon ant sijè yo)[3] ».  Jan Habermas devlope sa nan teyori kominikasyon l lan tout aktè ki ap pale (pwodui yon zak pawòl) oblije eksprime pretansyon inivèsèl validite sa l ap di yo e l sipoze gen posiblite pou l onore sa l ap di yo. Alèkile teknik pou n fè analiz la ap baze sou kat (4) pretansyon pou validite diskou yo jan Habermas prezante yo a : se pretansyon validite ki montre senserite sa ki di a, pretansyon validite ki moutre entèlijiblite sa ki di a, pretansyon validite enonse ki kredib e pretansyon validite enonse ki jis oswa ki dwat[4].

Nan analiz enonse yo n ap chache kat (4) eleman sa yo ki koresponn ak kat pretansyon yo: senserite, krediblite, entèlijiblite e jistès oswa dwati pawòl yo nan prev sijè a avanse yo. Sa vle di nou ap chache sènen si sa ki sot di a gen senserite, si li entèlijib, si li jis e si li kredib. Anplis de sa pou nou rive byen poze analiz rekonstriksyon diskou an n ap itilize modèl Patrick Charaudeau a ki moutre ki estrateji aktè politik lan ka itilize lè l ap pale. Kounyeya li li lè li tan pou n prezante yon ti moso nan analiz nou an ki gen pou pibliye totalman sou fòm yon liv.

Rezime analiz kritik diskou 30 oktòb lan

Gwo anje ki genyen nan kreyasyon komite sa se pou rive jwenn ekilib nasyon an ak souverènte peyi a[5],selon Jovenel Moïse.Jan Patrick Charaudeau souliye sa, Moïse anplwaye la yon « estrateji rezon deta[6] » (zafè peyi) pou jistifye gwo zak sa li poze devan nasyon an. Si toutbonvre nou ka aksepte kad jiridik nasyon pa rive adapte e lakoz yon gwo dezekilib, men tou enonse li a souzantann li rekonèt souvrennte peyi a menase oswa pa ekziste. Sa ki kore tèz ki montre peyi a se yon Eta perifèrik[7] e parazit ki depann sou lòt gwo peyi ak gwo enstitisyon entènasyonal menm pou l rive reyalize pwòp eleksyon lakay li.Nan sans sa nou pa konteste validite prèv sa li sot avanse a. Rezon an ? Yon jou anvan diskou a te gen reprezantan gouvennman ameriken ki te chita avè l e mande l pou l òganize eleksyon prese prese ansanm ak refòm konstitisyon an[8]. Epi pi devan li te kontinye pou l takle byen fò konstitisyon 1987 lan :

Konstitisyon 1987 la te monte pou demoli tout enstitisyon peyi a tèlman dezekilib la te anpil ant 3 pouvwa Leta yo. Konstitisyon sa pèmèt yo mache sou diyite pèp la. Li fè nasyon an pèdi fyètel lè lap asiste espektak la wont kap pase nan gwo enstitisyon nou yo.

Demach pèlokitwa li a kote li akize konstitisyon an grav anpil. Paske li mete sou kote e anpeche moun konprann wòl aktè politik Ayisyen kou letranje jwe nan enstabilite, koripsyon ak van divizyon andedan peyi a. Se sa k fè nou di agiman sa yo sèvi pou diskalifye konstitisyon an nan zye tout moun k ap suiv diskou li a. Toutpandan li ap chache dra pou kouvri tèt pa li e lage fòt yo sou do lòt moun ak konstitisyon an li ta dwe poutan respekte e fè respekte.

            Sepandan sa pa vle di nou aksepte wòl aktè politik sosyal e ekonomik ayisyen yo pa gen entèrelasyon ak kad yo ap fonksyone a ki se konstitisyon 1987 la. Men nou pito aksepte tou nannan pwoblem lan se pa la li ye. Li koresponn avèk moun Ayisyen an menm e ki vizyon politik li genyen pou wete peyi Ayiti nan sitiyasyon tèt anba ak decheyans total kapital li ladann lan. Kit ta gen yon kad ki depase limit li, kit ta gen aktè etranje k ap defann enterè gwo peyi enperyalis yo pou ta fè echwe bon jan pwogrè ak souvrennte peyi Ayiti. Dayè yon kad jiridik plis aplikasyon li alalèt pa ta dwe konsidere tankou yon remèd mirak[9] pou sove yon peyi tankou Ayiti kote yo fin kraze tout enstitisyon Leta yo youn apre lòt.

Apre sa, li te pwofite lonje dwèt tou sou moun ki anpeche peyi a mache. Li itilize yon alegori lè l rele yo fòs fènwa. Li te di konstitisyon an lakòz yo jwenn kontra chanpwèl e fasilite kèk patikilye fòme monopòl sou tout fòm pou kreye enjistis sosyal. Konsa li vle fè tèt li parèt tankou moun ki bon, yon sovè ki ap pote solisyon nan fè fas kare ak malonèt sa yo. Poutan li inyore si li menm tou li gen gwo akizasyon koripsyon sou do li depi lè li t ap dirije Agritrans. Sepandan, nou pa remete an kesyon validite akizasyon li avanse nan enonse li fè yo. Piske li pa dwat, sa li di a manke fòs ak otorite pou l ta valide yon batay ak moun sa yo. Si nou pa ka rele sa yon mansonj politik, yon manti kri, men nou ka di li se yon detounman pou anpeche moun wè li kouwè youn nan fòs fènwa yo ki te eksplwate tou kèk kontra chanpwèl sou prezidans Martelly a. Donk, li pa kredib e l manke fòs pou fè fas kare ak opozan li yo ki ta pwofite sou feblès Leta a.

Li te avanse tou pou l montre pyès moun pa gen lechwa : Si nou kite chans sa pase, nou pa ofri jenerasyon kap vini yo opòtinite pou yo genyen yon lòt peyi, nou pap gen padon devan listwa. Nan enonse sa yo li rekonèt si gen echèk li pap sèlman echèk pa li. Se yon echèk ki ap pataje si li echwe nan sa li vle fè a. Pou li « nou » pa dwe kite chans sa pase. Lè l di Nou an sa fè referans ak klas politik lan ki gen ladan l moun ki opoze avè l yo. Li vle lage chay sou do opozisyon politik la si li pa ta rive fini ak zafè konstitisyon 1987 la, si yo ta kite chans sa pase.

Men sa l te di pou esplike demach li an : Ak tout moun nan klas politik la m pale rekonèt nesesite pou manman lwa peyi a chanje. Pawòl lokitè an moutre aklè vle pa vle fòk konstitisyon an chanje. Si li afime lidèdopinyon yo ak medya tradisyonèl yo tankou entènot k ap itilize rezo sosyonimerik yo ap brase lide sou konstitisyon an, men li bliye atire atansyon piblik la sou lòd li te resevwa nan men gouvennman ameriken ki pa sispann bay otorite isit presyon sou jan y ap mennen bak peyi a. Li te kontinye pou l mande : Poukisa tout prezidan sa yo? Poukisa tout tranzisyon sa yo? Poukisa tout enstabilite sa yo ?Li itilize mo « poukisa » pandan 16 fwa nan tèks lan pou moutre pa gen okenn rezon pou jistifye tout pwoblèm sa yo peyi a ap fè fas depi 33 zan. Li pa poze kesyon yo paske l ap tann repons. Men pito pou konvenk pèp la e agimante pozisyon l genyen pou fè chanje konstitisyon an. Entèwogasyon retorik enonse l yo ka fè moun panse Jovenel Moïse gen bonjan rezon nan demach politik li genyen dèyè tèt li a.

Li te fè yon anons ki se anmenmtan tou yon envitasyon bay opozisyon an yon fason endirèk: M ap anonse…tren viv ansanm nan… pral derape. Enonse pèlokitwa sa tradui kijan sitiyasyon sosyopolitik lan ye anndan peyi a. Note jan lokitè a anplwaye tan fiti “pral derape”. Enonse sa tou transmèt yon presipoze, sa vle di li souzantann pako gen viv ansanm, ni jistis, ni padon ni estabilite andedan peyi a. Paske tren an se kounyeya anfen li pral derape. Moïse ap tann opozisyon ak rès popilasyon an tankou dyaspora a pou yo vin fè lapè. Sa gen ladan li vin moute tren sa ki pral pati. Men ki kesyon li poze yo : sa n ap tann pou n monte abò ? Kesyon-envitasyon sa se yon fason pou li moutre pòt li ouvè pou dyalòg e rekonsilyasyon ak kèlkeswa pati politik lan, orijin sosyal, degre richès ak koulè po yon moun. Se yon enonse entèwogatif li sèvi ki moutre li vle kase zèl mobilizasyon ak revandikasyon popilè (peyi lòk) ki ap mande l pou li rache manyòk li sou pouvwa a.

Ou gen plas ou nan tren an vle di vin chita tèt frèt pou fè alyans avèk li pou chache viv ansanm, jwenn lapè, jistis, padon, estabilite ak sekirite. Enonse pèlokitwa sa moutre li vle touche sansiblite opozisyon politik lan ki dwe pran non selman menm direksyon avèl men tou pran menm mwayen transpò avè li. Se sa k fè li anplwaye dezyèm pèson lan : Ou. Se pa yon enfòmasyon li bay. Men se pito li itilize yon fonksyon langaj pou konvenk moun l ap pale avè l la. Rezon an se paske li ap chache yon antant e l vle pou moun aksepte desizyon l ap pran yo.

Konklizyon

Diskou 30 oktòb la sa se yon diskou ki moutre kijan Jovenel Moïse, yon chèf-demagòg, ap itilize yon zak kominikasyon pou enfliyanse opinyon piblik lan sou koze refè konstitisyon an. Se sa ki ap pèmèt li rive chita otorite li (fè referandòm) ki te konteste anndan peyi a (mouvman peyi lòk) depi le li moute kom prezidan. Se konsa nan pawòl li yo li akize konstitisyon 1987 lan e rann li responsab tout mal ak pwoblèm peyi a. Pou li, konstitisyon an se yon bouk emisè, yon lougawou yo ta dwe elimine. Se sa k fè li jistifye kreyasyon komite konsiltatif endepandan an. Pou l te fè sa li montre bon volonte li gen lakay li yon fason pou l enpresyone moun ka p tande l yo. Jan nou wè sa li vle byen parèt pou popilasyon an kwè li pa gen move lide dèyè tèt li. E li vle montre tou li pa menm jan ak moun enkonsekan sa yo anpalan sou moun oswa gwoup privilejye ki ap monopolize tout bagay anndan peyi a. Sepandan, nou te wè entansyon li an pa net. Li mache ak menas oswa gwo presyon sikolojik e diplomatik, li ap sibi pou refòme konstitisyon an jan nou te avanse sa nan koumansman atik la. Sa ki apiye ipotèz nou te fè depi nan koumansman atik lan.

Prezantasyon moso analiz rekonstriksyon diskou sa nou sot fè a (nou  pa t ap ka prezante tout analiz lan nan tèks sa) pandan nou te itilize yon apwoch kritik kominikasyon pèmèt nou entèprete zak pawòl Jovenel Moïse yo nan seremoni 30 oktòb lan. Metòd èmenetik kritik lan ak pragmatik inivèsèl lan ede nou wè jan entèlokitè a manke krediblite ak senserite pou l ta rive akonpli aksyon politik li gen entansyon poze a. Enpitou aksyon estratejik ki se bay peyi a yon lòt konstitisyon pa koresponn ak sijè kominikasyon an ki non selman pa gen konfyans popilasyon an men tou pa koyeran nan sa li ap di e fè anndan sosyete a. Tout pandan Jovenel itilize yon agimantasyon pou l jistifye diskou pèfòmatif li an, nou rive poze kesyon sou validite prèv li avanse yo. Nou rive konprann li manke senserite nan fason li akize konstitisyon 1987 lan piske li pa menm rekonèt enpòtans li pou peryòd apre diktati Duvalier a. Enpitou se youn nan konstitisyon ki pi maltrete e neglije tèlman aktè politik ayisyen yo pase li anba pye. Nou ka fini pou n di presyon l ap sibi yo anpeche l konprann ti fraz sa: elabore yon konstitisyon ann Ayiti se youn (1) men pou sosyete a aksepte l e aplike li se de (2).

Dominique Moussignac

Lisansye nan Kominikasyon (Fakilte syans moun / Inivèsite Leta Ayiti)

Kafou, fevriye 2021

Referans pou bibliyografi

AUSTIN, Jhon Langshaw. Quand dire c’est faire, traduction de Gilles Lane, Paris, Seuil, 1970 (1962).

CHARAUDEAU, Patrick. Le discours politique. Les masques du pouvoir, Paris, Vuibert, 2005.

CHARAUDEAU, Patrick. « De l’argumentation entre les visées d’influence de la situation de communication », in Argumentation, Manipulation, Persuasion, L’Harmattan, Paris, 2007,  consulté le 19 novembre 2020 sur le site de Patrick Charaudeau – http://www.patrick-charaudeau.com/De-l-argumentation-entre-les.html

CHARAUDEAU, Patrick. « A quoi sert d’analyser le discours politique ? », in Análisi del discurs polític, IULA-UPF, Barcelone, 2002, consulté le 1er novembre 2020 sur le site de Patrick Charaudeau – http://www.patrick-charaudeau.com/A-quoi-sert-d-analyse-le-discours.html

FARDIN, Editions. Deux siècles de constitutions haïtiennes 1801-1987, Port-au-Prince, 2011.  

HABERMAS, Jürgen. Connaissance et intérêt, traduction de Gérard Clémençon, Paris, Editions Gallimard, 1976 (1968).

HABERMAS, Jürgen. Vérité et justification, traduction de Rainer Rochlitz, Paris, Gallimard, 2001 (1999).

HABERMAS, Jürgen. Théorie de l’agir communicationnel. Tome I. Rationalité de l’agir et rationalisation de la société, traduction de Jean-Marc Fèrry, Paris, Fayard, 1987 (1981).

HABERMAS, Jürgen. Morale et communication. Conscience morale et activité communicationnelle, traduction de Christian Bouchindhomme, Paris, PUF, 2001 (1983).

HABERMAS, Jürgen. Théorie de l’agir communicationnel. Tome II. Critique de la raison fonctionnaliste, traduction de Jean-Louis Schlegel, Paris, Fayard, 1987 (1981).

HABERMAS, Jürgen. Logique des sciences sociales et autres essais, traduction de Rainer Rochlitz, Paris, PUF, 2005  (1970).

MANIGAT, Mirlande. Traité de droit constitutionnel haïtien, 2 volumes, Port-au-Prince, L’Imprimeur II, 2000.

MANIGAT, Mirlande. Plaidoyer pour une nouvelle constitution, Port-au-Prince, Editions Zémès, 2010.

PIERRE LOUIS, Luné Roc. Communication et Politique. Au-delà de la manipulation et de la domination idéologique, Mémoire de fin d’études de Master présenté à l’Université Catholique de Louvain, 2008.

PIERRE LOUIS, Luné Roc. Habermas et Haïti. Prolégomènes à une sémantique politique, Port-au-Prince, Médiatexte, 2014.

PIERRE, Marc Henry. Communication et discours politique. Reconstruction communicationnelle du discours électoral de Michel Joseph Martelly, Mémoire de fin d’études de licence présenté à l’Université d’État d’Haïti / Faculté des sciences humaines, 2014.


[1]  Jürgen HABERMAS, Morale et communication. Conscience morale et activité communicationnelle, tradiksyon franse Christian Bouchindhomme, Pari, PIF, 2001 (1983), p. 42.

[2]  Jürgen HABERMAS, Connaissance et intérêt, tradiksyon franse Gérard Clémençon, Pari, Edisyon Galima, 1976 (1968), p. 206 sq.

[3]  Jürgen HABERMAS, Logique des sciences sociales et autres essais, tradiksyon franse Rainer Rochlitz, Pari, PIF, 2005  (1970), p. 120.

[4]  Jürgen HABERMAS, Logique des sciences sociales et autres essais, op. cit., p. 407.

[5]  Gade dokiman diskou a ak konstitisyon 1987 lan.

[6]  Patrick CHARAUDEAU, Le discours politique. Les masques du pouvoir, Pari, Vuibert, 2005, p. 77

[7] Luné Roc PIERRE LOUIS, Habermas et Haïti. Prolégomènes à une sémantique politique, Pòtoprens, Médiatexte, 2014, p. 135.

[8]  Cale Brown (@StateDeputySPOX), « Jou ki te 29 oktòb la, Sou Sekretè Hale te pale ak Prezidan @MoïseJovenel pou souliye ijans pou òganize eleksyon lejislativ. », Twitter, 30 oktòb, 2020, https://twitter.com/USEmbassyHaiti/status/1323306453747326977.

[9] Mirlande MANIGAT, Plaidoyer pour une nouvelle constitution, Pòtoprens, Edisyon Zemès, 2010, p. 34.

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)