ActualitéTechnologie

Ayiti-Teknoloji: Tik tok ak Shopify anonse yo pral siyen yon patenarya

Please follow and like us:
Pin Share

Pòtoprens, 28 oktob 2020 [M9H] — Tik Tok ak Shopify anonse yo pral siyen yon patenarya. Nouvo patenarya sa a pral pèmet itilizatè Tik tok yo klike sou divès videyo piblisite pou achte pwodui sou boutik Shopify yo.

Tik tok ak Shopify anonse madi a yon patenarya ki ta dwe pemet antreprene platfom nan komès elektronik kanadyen yo fè pwomosyon pwodui yo sou rezo sosyal chinwa a, dapre plizye kominike 2 gwoup yo pataje.

Anons patenarya sa a ak platfom kanadyen an vini, nan yon kontèks kote aplikasyon chinwaz nan kesyon videyo kap amize moun nan, ap batay depi plizyè mwa pou rete Ozetazini epi mennen divès negosyasyon ak sosyete ameriken yo.

“Nou kontan dèske nou se premye patnè ki akeyi  Tik tok nan mond komès la, patikilyèman nan moman sa a, kote komèsan nou yo, ap prepare yo nan yon sezon magazinaj an lin anime”, dapre Satish Kanwar, vis prezidan pwodui lakay Shopify, nan yon kominike.

Shopify ki gen 15 lanne depi li fonde, ap pèmet yo kreye yon sit komès elektronik nan kek segond. Li gentan ap progrese ak plis pase 1 milyon boutik elektronik nan fen ane 2019 la, platfom nan wè vizibilite li ogmante depi koumansman pandemi nouvo koronaviris lan, (kovid-19) lan.

Tik tok, ki se pwopriyete gwoup chinwa a Bytedance, ki genyen plis pase 100 milyon itilizatè ozetazini, kapab pa fonksyone nan peyi sa a anko.

Administrasyon trump lan, akize li dèske li ta reprezante yon gwo menas pou sekirite nasyonal la, li kapab entèdi si li pa pase sou kontrol yon gwoup ameriken jis 12 novanm kap vini an. Yon lot odyans prevwa fèt nan mwa kap vini an.

https://www.lapresse.ca/affaires/techno/2020-10-27/tiktok-et-shopify-annoncent-un-partenariat.php

Crédit : PHOTO KIICHIRO SATO, ARCHIVES AP

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)