Yon Bèl Egzanp Lidèchip ak Detèminasyon – Christine Ellis, Majistra Adjwen Chandler, Arizona
Etazini, 24 avril 2025 (M9H) — Nan epizòd #34 pòdkas “Edikasyon se Richès”, nou te gen onè resevwa Majistra Adjwen vil Chandler, Arizona, Madam Christine Ellis – yon fanm ayisyèn-amerikèn ki se yon modèl eksepsyonèl nan lidèchip, sèvis kominotè, ak devlopman pèsonèl. Entèvyou sa a te plis pase yon konvèsasyon, se te yon lekòl sou detèminasyon, lafwa, ak angajman pou yon pi bon sosyete.
Yon Istwa Kouraj ak Rasinn Solid
Madam Ellis rakonte nou orijin li: soti Ayiti rive Ozetazini, grandi nan Queens, New York, li finalman enstale li nan Chandler kote li vin yon poto mitan kominote a. Li mete aksan sou enpòtans valè fanmi, disiplin ak sèvis pou kominote a – yon bagay li te aprann depi li te piti bò kote papa li, yon lidè lokal nan zòn Tiburon.
“Nou tout leve ak sans ke nou dwe sèvi pèp la,” li te di ak fyète.
Fanm nan Politik: Yon Batay Kont Prejije
Nan domèn politik, Christine Ellis pa t janm kite baryè kiltirèl, ras, oswa sèks anpeche li reyalize objektif li yo. Li te mete aksan sou difikilte fanm yo konn rankontre lè yap chèche pwomosyon oswa rekonesans, e li ankouraje tout fanm pou aprann “frape pòt la epi mande sa ou merite.”
“Si ou bezwen yon pwomosyon, se pou ou aprann defann tèt ou,” li eksplike.
Yon Lidè ki Sèvi Ak Kè li
Christine Ellis pa sèlman yon majistra adjwen – li se yon enfimyè, yon minis espirityèl, e yon antreprenè. Li mete tout talan li yo ak pasyon li yo an aksyon pou sèvi kominote a. Pandan pandemik COVID-19 lan, li te la pou kominote a chak jou, ni nan klinik ni sou teren, distribye asistans ak lanmou.
“Se pa paske ou gen pouvwa ki fè ou pi wo, se fason ou sèvi ak pouvwa sa a pou fè byen,” li di nou.
Teknoloji ak Edikasyon: Motè Devlopman
Yon lòt aspè enpòtan nan vizyon li se entwodiksyon ak itilizasyon teknoloji pou avanse kominote a. Li ankouraje jèn yo sèvi ak zouti dijital tankou klas vityèl, aprantisaj sou entènèt, ak devlopman konpetans nan jeni ak pwogramasyon.
“Ou pa kapab kite mond lan ap avanse san ou pa aprann. Ou pa bezwen fizikman nan lekòl pou aprann,” li konseye.
Yon Mesaj Espesyal Pou Ayiti
Majistra Ellis pale ak pasyon sou Ayiti. Li eksprime dezolasyon li pou sitiyasyon ensekirite a men li ankouraje jèn yo pa pè angaje yo pou chanjman. Li pale sou bezwen pou edikasyon, enfrastrikti, ak inite nan dyaspora a pou ede refòme peyi a.
“Charite kòmanse lakay. Se pa paske ou pap viv an Ayiti ki fè ou pa ka angaje tèt ou pou avni peyi a.”
LaFwa Ki Gide Chak Aksyon li
Majistra Christine Ellis mete lafwa li kòm baz tout aksyon li. Li rekonèt se Bondye ki mete l sou chemen lidèchip la, epi li toujou chèche sèvi ak bon jan moral ak etik nan tout sa li fè.
“Si ou ap fè yon travay pou Bondye, ou dwe fè li byen. Ou dwe mete kè ou ladan li.”
Entèvyou sa a se pa sèlman yon ti pale. Se yon veritab manifestasyon de sa yon fanm ki gen vizyon, lafwa ak pasyon ka reyalize. Christine Ellis se yon limyè pou jèn fi yo, yon poto mitan pou kominote li, epi yon egzanp klè ke edikasyon se vrèman richès.
Ou ka tande epizòd konplè a sou Spotify, YouTube, ak tout lòt platfòm podkas. Pa bliye abònman, pataje ak enspire yon lòt!