Ayiti-Ensekirite : Plis pase yon dizèn òganizasyon dwa moun leve lavwa kont arestasyon zak kaponnay, kap fèt sou plizyè peyizan nan divès depatman nan peyi an
Potoprens, 25 avril 2023 [M9H] — Plis pase yon dizèn òganizasyon dwa moun leve lavwa kont arestasyon zak kaponnay, dappiyanp sou tè peyizan, vyolans san limit, k ap fèt, depi plizyè semenn, sou tè peyizan nan plizyè depatman, tankou Papáy-Ench/ Plato santral, Pyat-Monwi ak Sen Michel Lataláy/depatman Latibonit, Bedou-Ferye, Prevwayans ak Pitobè-Wanament, depatman Nòdès, Limonad /depatman Nò, Sen Michèl Lataláy/depatman Latibonit.
Oganizasyon ki siyen nòt sa, denonse ak tout fòs nou divès zak represyon, dap piyanp sou tè, aretasyon, entimidasyon, vyolans sans limit ki ap fèt sou peyizan nan divès zòn, nan anpil depatman nan peyi a tankou : Papay/Ench, Pyat/Monwi, Bedou/Ferye, Prevwayans, Pitobè/ Wanament, Limonad, Senmichèl ak anpil lòt kote tankou Nòdwès, Sid, elatriye.
Sa k ap pase yo, obsèvasyon nou, fè nou konstate absans repons ak konplisite Leta fas ak divès zak vyolans sou peyizan nan divès depatman, komin, lokalite nou site yo ki lakoz destriksyon plis pase 40 kay nan Pyat/Monwi, anpil jaden ki se sous revni ak lavi peyizan, plizyè moun mouri ak piyaj byen tout kalte. Sitiyasyon sa fè nou konprann aksyon ki ap pase yo se yon plan global « anti peyizan », « antipèp » ki kòmanse depi Lokipasyon Amerikèn depi 1915 la ki ap kontinye ak menm aktè yo pou yo atenn yon menm objektif.
Pwojè Lokipasyon Ameriken an vize elimine peyizànri a sou sèn politik ak ekonomik, kraze pwodiksyon nasyonal peyi a epi lage vant popilasyon an nan men kòmèsan bodmè, pwodui enpòte, detwi anviwonman peyi a pou rann teritwa a envivab pou pitit li. Pwojè sa ap eseye layite kò l apati « diskou pwopagandis devlopmantis la ».
Divès politisyen ak komèsan ak lòt gwo zouzoun sèvi ak yon seri gwoup gang ame pou simen latwoublay nan zòn ak sektè yo idantifye ki bay posiblite pou fè lajan, lajan fasil. Sa ki ap pase komin Monwi, nan koloni agrikòl Prevwayans/Wanament se nan lide pou kouri dèyè peyizan yo yon fason pou gwo zouzoun kapab itilize espas sa yo pou konstui bildin pou rete, fè Otèl, ak lòt kalte aktivite ki pa makonnen ak reyalite ak lavi nan peyi a, nan kominote yo. Kidonk, represyon, endimidasyon, vyolans san limit kont peyizan yo se yon estrateji pou rann espas yo « envivab » pou mas popilè, sitou peyizan yo, yon fason pou gwo miltinasyonal yo k ap fè dap piyanp sou tè agrikòl yo pou devlope mega pwojè tankou : zòn franch endistriyèl, eksplwatasyon min, pwojè « imobilye », zòn franch touristik, agrikilti endistriyèl, izin vetivè, ponp gazolin, elatriye.
òganizasyon ki siyen nòt sa,di yo rete kwè sitiyasyon laterè kont peyizan pou fè dap piyanp sou tè agrikòl yo deja gen gwo konsekans sou ekonomi, anviwònman ak kilti peyi a, epi sitiyasyon sa ap vin pi mal chak jou akoz konplisite Leta ak absans politik piblik ki ale nan sans pou reponn ak pwoblèm reyèl peyi a ak mas popilè yo. Pwojè sa pral mete popilasyon an nan plis lamizè, plis chomaj, plis grangou, plis ensekirite, san okenn pèspektiv pou lavni yo.
Fas ak pwojè lanmò sa, nou menm òganizasyon ki siyen nòt sa ap lanse yon APPEL SOLIDARITE NASYONAL AK ENTENASYONAL ak tout òganizasyon peyizan ki ap sibi atak, entimidasyon, vyolans chak jou tankou : MPP, TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, KONBIT EKOLOJIK SID (KES), MOPDES, MOPSATES, SOFA.
Òganizasyon ki siyen nòt sila denonse ak tout fòs yo arestasyon tout peyizan yo arete
nan kad represyon sa yo. Nou egzije liberasyon tout peyizan sa yo, espesyalman kanmarad
peyizan k ap viv nan koloni Prevwayans/Wanament, bandi ak zam, mele ak lapolis arete
ilegalman sou non Dieudonné Felix ak yon manda ilegal ki swadizan pote siyati Jij enstriksyon
nan jiridiksyon Fòlibète Margarette Georges te bay depi 2021, aloske kamarad la pa rele konsa.
Pou nou fini, nap lanse yon apèl ak tout peyizan ayisyen pou yo sonnen lanbi
mobilizasyon kont tout pwojè dap piyanp sou tè ak destriksyon agrikilti familyal ekolojik
peyizàn nan pou nou ranfòse dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay ak reponn ak defi
anviwonmantal yo.
Òganizasyon ki siyen nòt sila:
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK)
Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)
Mouvman Peyizan pou Devlopman Savanolèt (MOPDES)
Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Mouvman Peyizan San Tè Sid ( MOPSATES)
Kolektif Ekolojis Sid (KES)
Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA)
Kolektif Jistis Min (KJM)
Platfòm Òganizasyon Ayisyen k ap Defann Dwa Moun (POHDH)
Sosyte Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS)
Enstiti Kiltirèl Kar Levêque (ICKL)
Konbit Òganizasyon Sendikal ak Popilè yo