ActualitéJusticePolitique

Trafik zam nan Podepè : Dcpj mande arete ansyen minis jistis lan, Me Berto Dorcé

Please follow and like us:
Pin Share

Pòtoprens, 5 avril 2023 [M9H] — Lapolis jidisyè di li swete jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire, mete yon manda rale mennen vini kont ansyen minis jistis ak sekirite piblik lan, Me Berto Dorcé, trayizon, trafik enfliyans, asosyasyon malfèktè, nan kad ankèt sou zam ilegal ak minisyon, ki te pote apati bato ki rele Miss Lily an, nan 1e jiyè 2022, dapre yon atik ki parèt nan jounal Le Nouvelis.

Anketè Biwo nan zafè finansye ak ekonomik  yo (Bafe), fè yon sous nan jounal Le Nouvelis, konnen gen plizyè evidans egzistans kominikasyon nan telefòn ant Berto Dorcé ak Michelet anvan, pandan epi apre bato Miss Lily an rive epi apre liberasyon nan dat 6 jiyè plizyè moun ki te sispèk ki te nan gadavi nan komisarya Pòdepè an. Menm sous lan fè konnen gen evidans kontak echanj telefon ant Dorcé ak Virgile, aloske Virgile dèyè kat miray.

Photo de la PNH

Anketè yo, di yo gen konviksyon Berto Dorce, gen non li site kom yon moun kita konekte ak gang , lite konnen pou kiyès yo te voye zam ak minisyon ki te nan bato Miss Lily an.

Ankèt Bafe lan, ki te al jwenn jij enstriksyon an nan koumansman mwa mas 2023 an, fè konnen ansyen minis jistis lan Berto Dorce te ale nan Primati, nan dat 8 jiyè 2022 an, ak responsab Direksyon zafè jiridik nan Ministè jistis ak sekirite piblik lan, Fritz Haubourg, ki gen non li ki site nan liberasyon Jonas Georges ak Fritz Jean Relus. Depi peryod sa a, Fritz Hauborg, nan kanpe lwen. Li kite peyi an depi nan dat 15 jiyè 2022 an, pandan li pase nan Plato Santral. Anketè Bafe yo di yo pa gentan odisyone Berto Dorcé, malgre plizyè tantiv, yo pa rive jwenn li.

Ankèt Bafe lan sou trazik zam ak minisyon an nan Pòdepè an, se youn nan pwen antre zam ak minisyon sou teritwa nasyonal la, te pemet yo konnen dives koli ajan ladwan yo rive sezi yo, se pou Marie Guirlène Estimable, epi moun ki tap enpòte yo, se te Wilfrid Estimable ak Eddy Lafrance ki se distribitè an.

Nan sans sa a, jij enstriksyon Me Walther W. Voltaire mete manda kont Marie Guirlène Estimable, Wilfrid Estimable, Eddy Lafrance, Jonas Georges, Fritz Jean Relus epi Fritz Haubourg.

Dcpj gentan kontakte entèpol pou fasilite arestasyon sa yon an peyi etranje. Dapre enfomasyon ki disponib, Jonas Georges lan, se yon sitwayen ameriken.

Ajan ladwann yo te rive sezi sou bato Miss Lily an, nan dat 1e jiyè 2022 an, yon kantite 120 mil katouch, ki repati nan 157 kès. Se an tou 114 mil katouch kalib 5,56 milimèt, 2 mil katouch 9 milimèt, 4 mil katouch 7,62 milimèt, 2 pistolè  9 milimèt, 1 revolvè kalib 38,30  chajè Ak-47, 20 etwi Ak-47, 3 mil 890 dola ameriken ak 814 mil 343 goud.

Sous: Le Nouvelliste

 

 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)