AYITI : Antèn Ouvriye Ayiti (A.O.A) mande popilasyon an batay pou anpeche militè etranje vin deplòtonnen ankò nan peyi d Ayiti
P-au-P., 20 oktob 2022 [M9H] — Oganizasyon Antèn Ouvriye Ayiti (A.O.A) di li denonse epi li kondane ak tout fòs li, desizyon gouvènman Pati Ayisyen tet kale (PHTK) 3yèm vèsyon, Fizyon Sosyal Demokrat yo, INITE, Sektè Demokratik Popilè (SDP) ak alye yo, pran pou mande enperyalis entènasyonal la vin okipe peyi a, pou yon 3yèm fwa. Antèn Ouvriye Ayiti (A.O.A) mande popilasyon an batay pou anpeche militè etranje vin deplòtonnen ankò nan peyi d Ayiti.
Jedi 6 oktòb 2022, nan yon reyinyon konsèy minis yo, gouvènman PHTK 3yèm vèsyon an, deside mande kominote entènasyonal la vin okipe peyi d Ayiti. Aryèl Anri fè desizyon sa a soti nan nimewo espesyal monitè # 29, jounal ofisyèl peyi a, vandredi 7 oktòb 2022 a.
Alòske, dimanch 9 oktòb la, Aryèl Anri ekri sekretè jeneral nasyonzini an, Antonio GUTERRES, pou mande ONU ofisyèlman, debake fòs militè vin okipe Ayiti. Nou sonje, rasis ki rele Antonio GUTERRES la, te deklare nan yon seri medya anfrans, se manm gang k ap manifeste kont gouvènman Aryèl Anri a. Premye minis defakto Aryèl Anri, limenm tou, te di se gang k ap manifeste kont gouvènman li an. Alòske, plizyè santèn milye moun nan 10 depatman nan peyi a, manifeste chak jou pou mande Aryèl Anri ak tout gouvènman li an, bay demisyon yo.
Youn nan sa ki atire atansyon anpil moun nan peyi a, se tout 18 minis yo, plis premye minis gouvènman defakto a, ki siyen desizyon pou mande fòs militè etranje vin okipe peyi a. Kesyon n ap poze, kouman Ayiti fè pwodwi tout Jan konze sa yo nan yon sèl jenerasyon ? Gen moun ki rele ekip PHTK, Fizyon Sosyal Demokrat yo, INITE, Sektè Demokratik Popilè (SDP) malfèktè, gen lòt ki rele yo « les génies du mal ».
Antèn Ouvriye ap raple pou jèn yo, lame ameriken okipe peyi a pou premye fwa ant 1915-1934. Yo te fè anpil krim, anpil vòl ak anpil vyòl sou fanm nan peyi a. Se militè okipan yo ki vini ak pratik fè kadejak sou fanm yo. Se yon metòd fachis nazi yo te konn sèvi pou fè kò fanm yo sèvi teritwa lagè. Nou konstate tout lòt fòs okipasyon ak manm gang yo itilize menm move pratik kriminèl sa a kont fanm yo.
Antèn ouvriye di li raple pou tout moun ki dakò pou enperyalis la debake lame vin okipe peyi a, se menm kriminèl sa yo ki lage nou nan ensekirite nou ye la a, pou yo kapab jistifye okipasyon yo a. Nou konnen peyi sa yo gen gwo kontwòl sou pò lakay yo. Alòske lapolis toujou jwenn zam ki make pwopriyete leta ameriken nan men bandi yo. Sa nou dwe konnen, enperyalis la pap vin rezoud pwoblèm ensekirite, pwoblèm gang ak kidnapin pou nou. Enperyalis la ap debake militè nan peyi a, pou yo kontinye piye ak vòlè richès nou genyen anba tè a.
Li raple tou te gen yon ekip militè lame ameriken ki te nan Fòs Militè Enterimè (FMI) ki te vin pran Jan Bètran Aristid 29 fevriye 2004, ki te kraze pòt epi antre ak fòs nan lokal Antèn Ouvriye 23 avril 2004. Yo te kraze pòt, antre nan biwo Tèt Kole, ki te pataje menm lokal ak Antèn, militè yo te vòlè 35 mil goud pou T.K. Se Jan Konze Guyler C. Dèlva ki te mennen militè ameriken yo nan lokal Antèn lan, kòm espyon fòs okipasyon an. Nou fè rapèl istorik sa a, pou ede yon seri moun sonje, lè fòs okipasyon an debake nan peyi a, se pa pwoblèm gang y ap vin rezoud, se pito moun ak ògnizasyon pwogresis ak revolisyonè y ap vin kontwole, y ap vin elimine.
Ouvriye, travayè ak tout mas popilè yo se nou menm ki toujou prensipal viktim okipasyon militè yo. Nou dwe ranmase karaktè nou, pou n goumen kont 3yèm okipasyon militè ki rive sou nou la a. Nou deja konnen, okipasyon militè se youn nan mwayen sistèm kapitalis la toujou pran, swa pou pwoteje kapital lajan li yo, osinon pou enpoze pwojè li yo. Se nou menm ouvriye, travayè ak tout mas popilè yo ki gen responsablite istorik pou kraze sistèm kapitalis sovaj la. Se sèl konsa nou kapab enpoze pwòp pwojè pa nou ki se « Tabli yon sosyete sosyalis » kote se nou menm ouvriye, travayè ak mas pèp la, k ap defini pwòp avni nou.
Antèn Ouvriye Ayiti, ap raple :ouvriye, travayè ak tout mas pèp eksplwate a, se yon devwa nou genyen pou nou endiye, pou nou revòlte kont okipasyon militè etranje nan peyi a.
Credit photo: Le Nouvelliste