ActualitéPolitique

Ayiti-Politik : Sektè demokratik ak popilè (SDP) mande pou Ariel Henry fome gouvènman Konsensis la, jan akò 11 septanm lan prevwa sa

Please follow and like us:
Pin Share

P-au-P., 4 nov. 2021 [M9H] — Sektè demokratik ak popilè an di li rete akroche ak akò politik pou yon gouvenans apeze epi efikas  lan nan peryod enterime an, plis pase 680 Oganizasyon ak pati politik gentan siyen nan peyi an.  Manm sektè demokratik la fè deklarasyon sa yo, nan yon kominike yo mete deyò, nan dat 2 novanm 2021 an.

Mèt Michèl Andre ansanm ak Kamarad li yo nan Sektè demokratik ak popilè an anonse y ap pale ak nasyon an anvan dat 18 novanm 2021 an. Aloske yo te bay premye minis lan, Ariel Henry yon iltimatum pou li fome yon gouvenman konsensis  anvan dat 1e novanm lan, sinon yo riske relanse flanbo mobilizasyon popilè an, 18 novanm kap vini an.

Mouvman politik lan sèlman kontante yo revokasyon Leon Charles nan tet direksyon jeneral Lapolis lan, ki te youn nan prensipal revandikasyon yo te genyen. Sektè demokratik ak popilè an di yo salye desizyon sa a ki rive nan yon kontèks kote sekirite vini prensipal preyokipasyon popilasyon an Ayisyen nan. Yo fè konnen, se te tout popilasyon an ki tap egzije  depa Leon Charles nan tèt lapolis la. Se yon nouvo lidechip nan tèt lapolis la ki dwe mete tout bagay an èv pou garanti sekirite popilasyon an, se sa nou te ka li nan not la.

Sektè demokratik ak popilè an di li pran ak adrès ak nasyon an nan dat vandredi 29 oktob 2021 an, premye minis Ariel Henry te fè kote li te pran angajman l ap pral mete an aplikasyon pi vit posib akò 11 septanm 2021 an.

Pandan yon rankont li te fè nan dat dimanch 31 oktob 2021 an, nan primati, premye minis Ariel Henry te pran devan manm Komite Swivi akò 11 septanm 2021 an, kote li te pran angajman pou li mete kanpe gouvenman konsensis lan nan jou kap vini yo, dapre sektè demokratik ak popilè an.

Nap raple ako 11 septanm 2021 an, genyen pou pi piti plis pase 680 pati politik ak oganizasyon nan sosyete sivil la ki te siyen li.

kredi foto : Constant Haïti

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)