Ayiti-Agrikilti : Plizyè òganizasyon nan peyi d Ayiti denonse oryantasyon Òganizasyon nasyon zini, ki responsab grangou ak lamizè, ki blayi tout kote sou planet tè a
P-au-P., 28 oktòb 2021 [M9H] — Plizye oganizasyon nan peyi d Ayiti, nan yon deklarasyon final fowol sou agwo ekoloji ak souverènte lamanjay, yo mete deyò, nan dat samdi 16 oktòb 2021 an, denonse oryantasyon Òganizasyon nasyon zini, nan sistèm lamanjay mondyal la, anfavè gwo biznis kapitalis yo, ki responsab grangou ak lamizè, ki blayi tout kote sou planet tè a.
Oganizasyon sa yo, di yo te pwofite fowòm sou agwo ekoloji ak souverènte alimantè sa pou yo denonse oryantasyon òganizasyon Nasyonzini (ONU) sou sistèm lamanjay mondyal la nan kad Somè ki te reyalize nan Nouyòk nan dat 23 septanm 2021 sou kontwòl gwo antrepriz kapitalis agwobiznis ki responsab sitiyasyon grangou ak lamizè ki blayi tout kote sou planèt la.
Oganizasyon yo, te pwofite denonse tou politik piblik nan zafè agrikilti ak lamanjay ak politik ekonomik ki chita sou ekstraktivis, dappiyanp sou tè peyizan ak estrateji vyolans, laperèz Leta ayisyen ap aplike nan peyi a depi kèk tan, e ki patisipe nan kraze kapasite pwodiksyon peyi a, kraze agrikilti peyizan familyal agwo ekolojik, detwi anviwonnman an, mete peyi a sou depandans pwodui lamanjay ki soti nan lòt peyi, kreye grangou, chomaj ak ankouraje migrasyon ekstèn nan enterè miltinasyonal yo, gwo kapitalis ak yon ti gwoup pwofitè nan peyi a.
Plis pase santèn oganizasyon sa yo, di yo denonse ak voye jete byen lwen tout vye Dekrè malatchonn pouvwa PHTK pran pou fè dappiyanp sou tè peyizan yo pou bay mafya nasyonal ak entènasyonal pou devlope agwobiznis, eksplwatasyon min metalik yo, zòn franch endistriyèl ak zòn franch touristik pou kontinye pwosesis eksplwatasyon ak majinalizasyon peyizan yo nan Prevwayans, Savann Dyann, Plenn Maribawo, Tèrye Wouj, nan Nòdwès, nan Plato Santral, nan Latibonit, nan Ilavach, nan Kot Akaden an, elatriye.
Nan sans sa a, yo di yo kwè fenomèm gang kap vale teren nan peyi a jounen jodi a se yon estrateji politik, yon zouti ki nan men boujwa yo, miltinasyonal ak Leta ayisyen pou anpeche rezistans fèt kont politik ekonomik yo ap aplike nan peyi a, epi anpeche mas popilè yo kontinye patisipe nan zafè peyi a. Se pou sa, òganizasyon sa yo siyen nan tèt kole deklarasyon sa, kote yo pran angajman sa a :
1) Makonnen fòs nou, kanpe yon gwo mouvman sosyal ak popilè djanm ki gen jèvrin ak defini estrateji batay pou defann agrikilti peyizan familyal agwo ekolojik la, epi konstwi dwa granmoun nou nan zafè lamanjay;
2) Kanpe min pou defann tè peyizan yo, dlo, agrikilti peyizan familyal agwo ekolojik la, anviwonnman peyi a kont eksplwatasyon min metalik yo, zòn franch endistriyèl, touristik ak agwo endistriyèl;
3) Kanpe min pou akonpaye epi goumen ansanm ak tout peyizan, tout kominote kap batay kont dappiyanp kap fèt sou tè agrikòl yo, epi tout menas sou dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay. Nap kanpe ankwa kont pwojè lanmò sila yo.
4) Mennen yon gwo kanpay nasyonal fòmasyon, sansibilizasyon ak konsyantizasyon sou modèl agrikilti peyizan familyal agwo ekolojik la ak konsomasyon pwodui lokal la nan tout dimansyon: manje, rad, konstriksyon lojman, divètisman, mizik, dans ak tout lòt eleman lakilti tradisyonèl nou yo;
5) Travay pou tabli estrateji pwodiksyon, transfòmasyon ak komèsyalizasyon pwodui agrikòl yo nan milye riral la nan yon lojik ekonomi sosyal ak solidè epi travay pou reprann kontwòl rezo transpò ak distribisyon yo.
6) Defann semans lokal ak envestisman ki ka reponn ak pwoblèm peyizan yo (fanm tankou gason) nan zafè agrikilti peyizan familyal agwo ekolojik la;
7) Valorize tout kontribisyon istorik ak aktyèl ekonomi familyal peyizan an epi defann revandikasyon klas eksplwate yo nan batay pou emansipasyon klas popilè yo;
8) Difize epi fè refleksyon sou gwo zouti batay sa a ki se « Deklarasyon sou dwa peyizan yo ak tout lòt moun k ap travay nan zòn riral yo » Nasyonzini adopte nan finisman lane 2018 apre plizyè dizèn lane batay mouvman peyizan yo tankou Via Campesina mennen.
9) Konstwi yon fwon politik lagoch pou batay pou chavire, dechouke modèl Leta sa ak konstwi yon Leta ayisyen granmoun ki ka reyalize yon refòm agrè entegral ak popilè pou nou rive konstwi dwa grandèt majè peyi a nan zafè lamanjay;
10) Mennen batay pou yon politik amenajman teritwa ki mete priyorite sou ransfòsman modèl agwo ekoloji a
11) Mete kanpe zouti òganizasyonèl, estriktirèl ak fè alyans ki nesesè pou veye tout desizyon kap pran kont popilasyon an an Ayiti ak lòt bò dlo.
12) Konstwi alyans lajman laj, makonnen fòs nou ak liy batay ak oryantasyon CLOC ak Via Campesina, mouvman sosyal ALBA ak tout lòt rezo entènasyonal kap batay kont sistèm kapitalis la;
13) Pran angajman pou goumen san pran souf pou rive tabli politik piblik pou refè anviwonman peyi a ki devaste apre plis pase 529 lane piyaj kolonyal ak neyokolonyal;
14) Batay kont politik baryè lib ak tout lòt eleman nan politik neyoliberal FMI ak lòt enstitisyon enperyalis yo kontwole ap enpoze nan peyi a. Bloke tout pwojè ki nan oryantasyon sa yo;
15) Defann espas jaden agwo ekolojik feminis SOFA ap konstwi nan Savann Dyann pandan nap batay pou anile Arete malatchonn kote Gouvènman defakto ansyen prezidan Jovnel Moyiz bay yon swadizan antreprenè 8600 ekta tè pou fè zòn franch pou ekspòtasyon;
16) Nou mete priyorite sou kesyon edikasyon kote nou dwe devolpe yon lòt sistèm edikasyon ki makonnen ak listwa peyi a, kilti peyi a ak idantite nou;
17) Patisipe nan batay pou transfòmasyon peyi a pou nou konstwi yon lòt sistèm ki bay lavi plis enpòtans pase pwofi kapitalis yo.
18) Mete kanpe tout kote nan peyi a estrikti lokal kap batay pou defann agrikilti peyizan familyal agwo ekolojik la, epi reyalize deba, fowòm ak seyans fòmasyon pou ranfòse kapasite kominote yo nan batay kont pwojè agwobiznis, eksplwatasyon min ak zòn franch endistriyèl yo, elatriye.
Lis Oganizasyon ki siyen deklarasyon Fowom agwo ekoloji ak souverènte lamanjay
MOPP Wadson DESIR
MPNKP Christophe TALÉUS
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Benjamin PIERRE
Nòdès
KPSKBM Antoinéus Guillaume JOSAPHAT
MPNKP Alta PROPHETE
UCOPCANE Jarcaunave SAINT-FLEUR
Nòdwès
KJM Ribins MAURICETTE
KOPBB – TK Nènel DAVID
MPNKP Pradel DOSSOUS
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Maumiste DIROGENE
Latibonit
LAKAY Jean Noë DESTRA
MORELIM Donald NOELSAINT
MPNKP Viljean LOUIS
MPP Cassandra SAINT-ANGE
ODISMA Pierre Wilton DESTINÉ
SOFA Mergina FLEURIMAT
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Romain METAYER
Sant
MPP Chavannes JEAN-BAPTISTE
Sid
MP3K Sophonie RENÉ
OLAJEKA Vilio ESPERANCE
Sidès
RACIDEB Jean Charles Jean EVRARD
Grandans
KPGA Frantzlet INNOCENT
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Louis D. LIGÈNE
Nip
KPN Francoeur PIERRE
MPNKP Daniel SANON
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Claidnord BLANC
Lwès
Antèn Ouvriye Robenson LUBIN
Batay Ouvriye Didier DOMINIQUE
Brigad Desalin Ricardo CABANO
CERREMEN Mackenda DELIASSE
COEH Colette LESPINASSE
CRAD William THELUSMOND
CRICASTRO Wismanie PERRIN
Dantò Christella CASIMIR
Fondasyon Bain Marie-Florence FRANCOIS
GAFE David TILUS
GARR Stenley Orbrath DORISCAR
Gwoupman Kole Zepòl / MPP Woodly DORLEANS
ICKL Marc-Arthur FILS-AIME
KATAN
KAYLA Islande SEAC
KJM Peterson DEROLUS
KONBIT Guy NUMA
MAB Lovely NORVILUS
MPNKP Jose Fabiola LOSANA
MPP Kettly ALEXANDRE
PAPDA Camille CHALMERS
Plandevi Frantz GRANDOIT
SAKS Osny AGENOR
Sant Pon Ilfodotte VALCOURT
Sèk Goman Nobert BEDOUBY
Sèk Gramsci Kervens CHERY
SOFA Sharma AURELIEN
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Origène LOUIS
UNNOH Josué MERILIEN
Credit photo : Gafe