ActualitéEnvironnementJusticePolitiqueSociété

Ayiti-Politik : KI SA N AP FÈ AK BÈL TI PEYI NOU AN?

Please follow and like us:
Pin Share

Mesaj pou tout ayisyen alawonnbadè

Par Dominique Moussignac

P-au-P., 4 mars 2021 [M9H] — Se yon wont pou n ap gade sa k ap pase Ayiti jodi a. Yon bèl ti peyi zansèt nou yo te ban nou kòm eritaj apre yo fin batay kont tout lennmi etranje yo e libere tè a. Yon eritaj yo ban nou pandan yo te ekspoze vi yo pou nou te ka viv lib e dirije peyi a chèmèt chèmètrès. Elas ! Jounen jodi a gwo jefò sa a tounen yon dram e yon gwo wont sou sèn mondyal lan. Nou fè zansèt yo wont lè nou kite bèl ti peyi sa ap depafini sou tout plan e nan tout domèn. Nou eksplwate malere yo, nou kraze lekòl piblik ak Inivesitè yo, nou fini ak tout enstitisyon yo. Nou abandone latè a, nou pa akonpaye peyizan yo. Nou ap benyen nan koripsyon. Nou pa envesti pou byennèt popilasyon an. Nou kidnape sosyete a. Nou kreye gwo mi pou n separe peyi a ant nèg anwo ak nèg anba, tinèg nwè ak tinèg po klè. Nou kite popilasyon an san ledikasyon, san enstriksyon e nou konsantre tout sèvis piblik yo yon sèl kote. Nou flanke dyaspora a deyò. Nou pa respekte dwa moun. Nou fè peyi a tounen yon lanfè pou tout abitan li yo. Nou alèz kou Blèz. Nou pa wont!

Nou gen lè bliye si Ayiti se yon peyi ki fonde pou byennèt ak libète tout Ayisyen san eksepsyon. Nan tan zansèt yo, nou te gen yon vizyon ak yon misyon mele ak yon idantite politik e sosyal. Jodi a yon Ayisyen se tankou yon moun ki soti nan yon lòt planèt. Li pa konn kiyès li ye e ki sa l ap fè an Ayiti. Sa ki nan tèt li se soti nan lanfè sa a nou rive envante pou toupizi mas pòv la jenerasyon apre jenerasyon. Mande tèt ou : ki sa ki defini yon Ayisyen jounen jodi a. Eske se jwenn yon bout viza, ale pran swen kay zòt, achte lòt bò dlo pou revann, fè gagòt, achte kay aletranje, eksplwate malere yo, kraze e piye kès Leta, jwe domino, grate santi… ? Se konsa nou defini yon sosyete ki gen plis pase 2 syèk lendepandans? Sa pa posib mesyedam. Se pat pou sa zansèt nou yo te batay e lese bèl ti peyi sa a nan men nou.

Se sa k fè li lè li tan pou n pran konsyans e korije kaye nou. Redefini priyorite yo pou retire majorite popilasyon an nan fènwa pwès sa, nan ensekirite a, nan povrete san limit sa, nan chomaj, nan mizè san parèy sa nou foure l la. Li lè pou nou abòde politik ak ekonomi peyi a yon lòt jan. Se MOUN ki pou fè politik lan se pa politik lan ki pou trennen moun vin piye, vin kraze, vin depafini Leta a. Se pou n rebat kat la.  Rebat kat lan dwe fèt nan tout nivo : politik, ekonomik, sosyal ak kiltirel. Nou dwe redefini tout rapò moun ak moun. Nou dwe redefini rapò dirijan ak dirije anndan peyi a. Yon dirijan pa dwe kraze brize men li la pou sèvi tout yon popilasyon e gade kijan li ka pote solisyon ak pwoblèm popilasyon an. Li pa posib pou se nan kidnape enstitisyon Leta yo pou moun vin rich aloske mas pòv yo ap peye tout po kase yo. Enpitou, yon minorite pa ka kenbe richès tout yon peyi san yo pa kontribiye nan devlopman ak pwogrè sosyete a. Li lè li tan pou n chita pou n poze vrè pwoblèm yo. Olye nou tout ap goumen tankou pope twèl dèyè yon manda senk (5) lane ki ap kontinye mete peyi a nan plis latwoublay.

Ayisyen, Ayisyèn nou gen kòm devwa pou nou rezoud pwoblèm nou yo. Pa chita tann se blan oswa etranje ki ap vin rezoud pwoblèm pou ou. Sa pat konn fèt e li pa p janm fèt. Lè kolon blan an te la li te pran tout richès peyi a voye lakay li. Sitiyasyon sa a pap chanje si nou pa redefini ki sa nou ap fè ak peyi a. Li lè li tan pou nou pran konsyans. YON AYISYEN SE YON MOUN. Retire kò nou nan ladoudous nou ye a pou n ka wè klè. Pa gen ladoudous la ni kote w pral kache a oswa voye madanm ou pitit ou al kache a. Lakay se lakay. Degaje nou, touse ponyèt nou pou n retire peyi a nan santi di nou foure l la. Konsa nan 10 zan, 20 an, 50 an ki ap vini la pou li pafè miyèt moso kou asyèt fayans. Nou gen sa kòm devwa e responsablite anvè memwa zansèt nou yo, anvè tèt nou e anvè jenerasyon k ap vini yo. YON AYISYEN SE YON MOUN. Lè yon moun nan fènwa li pa reziyen l rete ladann. Ni li pa chache al refijye lakay yon vwazen. Li chache jwenn limyè a. Menm jan an tou, li pako twò ta pou n chache limyè a, pou n jwenn li e retire peyi a nan ma labou sal sa nou foure l la.

domoussignac@gmail.com

Crédit photo : Abaka Bay Resort 

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)