ActualitéTechnologie

Ayiti-Teknoloji : Twitè, fesbouk ak Gougèl apiye yo sou «Communications Decency Act »

Please follow and like us:
Pin Share

Pòtoprens, 29 oktòb 2020 [M9H] — Patron Twitè, Fesbouk ak gougèl yo dakò sou yon pwen: lwa sou iminite rezo sosyal yo, plizyè eli ameriken vle refome, ki pa pwoteje selman platfom yo, men tou itilizatè yo, menm jan ak pèsonalite politik yo ak dives òganizasyon ki ap sèvi ak li kòm lwazi.

Lavèy odisyon yo nan Sena ameriken an mèkredi a, yo te defann Seksyon 230 nan “Communications Decency Act », ki anpeche pouswit jidisyè ki lye ak dives kontni yon moun konsa te ka pibliye. Lwa sa a konsidere tankou baryè ki kanpe ankwa kont libète lapawol an lin.

Men pou senatè ki te konvoke patron yo, se te sitou yon mwayen pou divès platfom yo pa pran responsabilite yo.

Seksyon 230 lan ankouraje lapawol, epi li pèmèt platfom yo modere kontni yo, daprè  Mark Zuckerberg, dirijan fesbouk la, nan diskou li ta dwe li devan komisyon komès la.

San lwa sa a, platfom lan tap kritike plis toujou kontni yo pou yo pa pran risk pou yo ta pase pou responsab, epi yo ta ekspoze sibi pouswit lajistis poutèt yo ta retire divès pawol ki ta ankouraje moun pratike la èn oubyen vyolans, daprè agiman li avanse.

« M pa panse pa gen pyès moun nan sal sa a oubyen pèp ameriken an vle mwens libète lapawol oubyen plis tizonnay an lin, daprè konsta Jack Dorsey, fondatè twitè a fè nan entèvansyon li.

Agiman santral sa a enskri li nan yon konteks kote tansyon a kèk jou eleksyon 3 novanm lan, rezo  yo resevwa anpil reproch, sitou nan pati goch la, paske li pat ase modere echanj yo sou dives sevis yo epi li te kite pase twop kontni rasis, vyolan oubyen ki ensiltan.

Crédit : PHOTOS JOSE LUIS MAGANA, LM OTERO, JENS MEYER, ARCHIVES ASSOCIATED PRESS

Source : https://www.lapresse.ca/affaires/techno/2020-10-28/audition-au-senat-americain/twitter-facebook-et-google-s-agrippent-au-communications-decency-act.php

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)