ActualitéTechnologie

Ayiti-Teknoloji: Patron Twitè, fesbouk ak Gougèl yo resevwa anpil kritik nan men senatè ameriken yo sou fason kontni yo ap modere sou platfom yo an

Please follow and like us:
Pin Share

Pòtoprens, 29 oktob 2020 [M9H] — Senatè ameriken yo pat manke kritike patron 3 gwo jeyan teknoloji yo, Twitè, fesbouk ak Gougèl, mèkredi 28 oktob 2020 an, yon sijè sansib nan mwens pase yon semenn avan eleksyon prezidansyèl Etazini an.

Sundar Pichai, Mark Zuckerberg et Jack Dorsey te livre remak preliminè yo bay manm komisyon nan komès nan chanm wot nan kongrè a, nan yo vizyokonferans, kote yo tap defann grand lin « Communications Decency Act » la, ki anpeche pouswit jidisyè ki lye ak kontni yon moun kèlkonk ta piblye.

Nan koumansman odisyon an, senatè repibliken an Roger Wicker, ki tap preside komisyon an, te mande pou gen yon refòm an pwofondè nan lwa ki vize ranfose responsabilite jeyan nan teknoloji yo.

Kè sote nou, platfom sa a vini yon gwo abit nan laverite ak divès kontni itilizatè yo kapab gen aksè ak li, dapre senate nan Misisipi a, Eta Sid nan Etazini.

Gwo piblik ameriken an pa gen anpil enfòmasyon sou faso yo pran desizyon pandan kontni yo ap modere epi itilizatè yo pa konn ki sen pou yo rele anko, lè yo gen baboukèt oubyen yo limite.

M. Wicker te konsantre li sou divès atak sou twitè, li te akize kap fè patipri nan fason lap modere dives mesaj ki piblye yo. Li jije responsab konsèvatè yo, koumanse sou Donald Trump, te sible yon fason egzajere.

Platfom ou an te otorize plizyè diktatè etranje pou yo pibliye pwopagan yo an san restriksyon, tandiske ou te limite vire tounen prezidan Etazini an.

Dorsey, li menm ki te parèt nan yon videyo ak yon bab li men longè, te defann li, pandan li tap bay garanti rezo a te reyaji pi vit posib pou modere divès kontni yo te jije ki pat apropriye, kelkeswa kote li tap soti.

Bò kote pa li, M. Pichai, Pdg Gougèl la, te dekri seksyon 230 lan tankou yon ak fondatè nan lidèchip ameriken an nan domèn teknoloji, epi li avèti senatè yo fas ak konsekans yon transfomayon teks yo kapab genyen pou antrepriz yo, menm jan pou patikilye yo.

M. Zuckerberg, ki te rankontre kèk difikilte pou li te konekte, te louvri pot la nan modifikasyon ki genyen nan seksyon 230 lan.

Crédit: PHOTO MICHAEL REYNOLDS, ASSOCIATED PRESS

Source : https://www.lapresse.ca/affaires/techno/2020-10-28/les-patrons-de-twitter-google-et-facebook-passes-au-gril-au-congres-americain.php

Please follow and like us:
Pin Share

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Aimez-vous cet article? Partagez le :)